1Pitit mwen, koute levasyon yon papa bay. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.
2Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.
3Lè mwen te timoun piti lakay papa m, lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.
4Papa m Lev 18.5; Eza 55.3 t'ap moutre m anpil bagay. Li te konn di m: Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.
5Chache Pwo 2.2 gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.
6Pa 2 Tes 2.10 lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. Renmen l, li p'ap kite anyen rive ou.
7Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
8Renmen 1 Sam 2.30 konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l, pa lage l. L'a fè yo respekte ou.
9Se Pwo 1.9 va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.
10Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.
11Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.
12Lè Sòm 18.36; Pwo 3.23 w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.
13Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou.
14Pa Sòm 1.1 fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.
15Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.
16Mechan Sòm 36.4 yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
17Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.
18Chemen Jòb 11.17; 22.28; Eza 62.1; Da 12.3 moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
19Chemen 1 Sam 2.9; Eza 59.9,10; Jer 23.12; Jan 11.10; 1 Jan 2.10 moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
20Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen.
21Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.
22Se Det 32.47; Pwo 8.35 lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
23Pase Mat 12.34,35 tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
24Pa janm kite manti sòti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.
25Gade Eb 12.2 dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.
26Chache Pwo 5.6,21; Eb 12.13 konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.
27Pa Det 5.32 vire ni adwat ni agòch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.