Chirasid 8 - 1998 Haitian Creole

Mache sou prigad ou

1Evite gen kont ak yon grannèg

pou ou pa tonbe anba men l.

2Pa chache yon moun rich kont.

Li ka achte moun pou ba ou tò.

Lò pèdi anpil moun.

Ata wa, lò pèvèti yo.

3Pa diskite ak moun ki pale anpil.

Se bwa w'ap mete nan dife l.

4Pa jwe ak moun ki maledve.

Li ka joure zansèt ou yo.

5Lè yon moun regrèt sa li fè ki mal, pa fè l repwòch.

Pa bliye: nou yonn pa bon.

6Pa meprize yon moun paske l'ap antre nan laj.

Paske, anpil nan nou gen pou granmoun tou.

7Pa kontan lè yon moun mouri.

Pa bliye nou tout gen pou mouri.

8Pa meprize sa moun bon konprann ap moutre ou.

Pran tan ou pou etidye pawoli ki sòti nan bouch yo.

Se nan men yo w'ap aprann tou sa pou ou konnen,

ak jan pou ou boule ak grannèg.

9Pa vire do bay pawòl granmoun,

paske yo menm yo te aprann anpil bagay nan men moun ki te la anvan yo.

Se nan men yo w'a aprann gen konprann

ak jan pou ou toujou gen yon bon repons anba lang ou pou ou bay.

10Pa eksite yon moun k'ap fè mal,

pou ou menm tou ou pa boule.

11Pa leve vire do ou ale sou yon moun ki frekan,

pou l pa pran pawòl nan bouch ou pou mele ou.

12Pa prete yon moun ki gen plis pouvwa pase ou lajan.

Si ou prete l, ou mèt konnen se lajan pèdi.

13Pa garanti yon moun depase mwayen ou.

Garanti yon moun pou sa ou konnen ou ka peye.

14Pa fè pwosè ak yon jij,

paske, ak pozisyon l, se li k'ap toujou genyen ou.

15Pa fè wout ansanm ak yon moun ki aksyonè

pou se pa malè ase ki rive ou.

L'ap toujou fè sa li gen dèyè tèt li,

men w'ap peye ansanm avè l.

16Pa fè kont ak yon moun ki gen san wo.

Pa fè wout avè l nan dezè.

Paske, mete san moun deyò pa anyen pou li.

L'a tonbe sou ou kote ou p'ap jwenn moun pou pote ou sekou.

17Pa mande yon moun sòt konsèy,

paske li p'ap ka kenbe pou li sa ou di l la.

18Pa janm fè douvan yon etranje bagay ou pa ta renmen moun konnen,

paske ou pa konnen sa li ka fè avè l.

19Pa louvri kè ou bay nenpòt moun

si ou pa vle yo wete kè kontan ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help