Lik 14 - 1998 Haitian Creole

Jezi geri yon nonm malad

1Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan Lik 6.6-11; 11.37 chèf farizyen yo pou l manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.

2Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi.

3Jezi pran lapawòl, li mande dirèktè lalwa ak farizyen yo:

— Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?

4Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l, epi li voye l ale.

5Apre Lik 13.15; Mat 12.11 sa, li di yo:

— Si yonn nan nou gen yon pitit gason li osinon yon bèf ki tonbe nan yon pi, eske li p'ap kouri retire li, menm si se yon jou saba?

6Yo pat kapab reponn li anyen sou sa.

Jan pou kondi ou nan resèpsyon

7Jezi Mat 23.6 te wè ki jan moun yo te envite yo t'ap chwazi pi bon plas. Li rakonte parabòl sa a pou yo tout, li di:

8— Lè Pwo 25.6 yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou,

9moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, w'a wont, w'a blije al chita nan plas dèyè.

10Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè. Konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo.

11Se Lik 18.14; Mat 23.12 konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.

12Jezi pale ak moun ki te envite l la. Li di li:

— Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a.

13Men, Det 14.29 lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.

14Konsa, Jan 5.29 se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve sòti vivan nan lanmò.

Parabòl nonm ki t'ap fè gwo fèt la(Matye 22.1-10)

15Lè l Lik 13.29 tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa:

— Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a.

16Jezi Mat 22.2-10 reponn li:

— Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun.

17Lè pou fèt la konmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare kounyeya.

18Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fenk achte yon tè, fòk mal wè li. Tanpri, eskize mwen.

19Yon lòt di li: Mwen fenk achte senk pè bèf. Mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen.

20Yon 1 Kor 7.33 lòt di: Mwen fenk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale.

21— Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè. Li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo.

22Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou.

23Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun w'a jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen.

24Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m lan.

Ki jan pou nou fè pou nou swiv Jezi(Matye 10.37-38)

25Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo:

26— Yon Mat 10.37,38 moun Det 33.9,10; Lik 18.29,30; Jan 12.25 ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l, li pa kapab disip mwen.

27Moun Lik 9.23 ki pa pote kwa l epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen nonplis.

28— Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l fè: se pou l chita pou l kalkile konbe sa pral koute l pou l wè si li gen kont lajan pou l fin fè travay la.

29Si l pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l nan betiz.

30Y'a di: Nonm lan konmanse bati, men li pa kapab fini.

31— Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l fè: l'ap chita pou l egzaminen bagay la byen, pou l wè si, avèk dimil (10.000) nonm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) nonm.

32Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l pou mande l fè aranjman.

33Jezi di yo ankò:

— Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l pa detache kè l sou tou sa l genyen.

Lè sèl pèdi gou li(Matye 5.13; Mak 9.50)

34Sèl, Mat 5.13; Mak 9.50 se yon bon bagay. Men si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n fè l sale ankò?

35Lè sa a, sèl la pa bon pou jete ni atè ni nan fimye. Li annik bon pou voye sa jete. Sa ki ka konprann, konprann.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help