1Wa Antyokis menm bò pa li t'ap mache nan tout pwovens sou platon anwo a. Antan li la, li vin konnen te gen nan peyi Pès la yon lavil yo te rele Elimayis. Tout moun te konnen lavil sa a paske te gen anpil richès, anpil lò ak anpil ajan ladan l.
2Te gen yon tanp la ki te rich anpil. Se la yo te sere rad lagè fèt an lò, plak pwotèj ak tout kalite zam Aleksann, pitit gason Filip, wa peyi Masedou…n lan, te kite la. Se Aleksann sa a ki te premye wa ki t'ap gouvènen moun peyi Lagrès yo.
3Antyokis vini, li seye pran lavil la pou li te ka piye l, men li pa te kapab, paske moun lavil yo te gentan konnen sa li te gen dèyè tèt li.
4Ak zam yo nan men yo, yo kenbe tèt avè l. Li kouri met deyò. Avèk anpil lapenn nan kè li, li kase tèt tounen, li pran chemen Babilòn.
5Li te nan peyi Pès toujou lè yo vin fè l konnen jan yo te bat lame li te voye nan peyi Jide a.
6Li vin konnen tou jan Liziyas te mache sou peyi Jide ak yon gwo lame, men li te sètoblije kouri pou jwif yo tou, paske jwif yo te vin pi fò ak kantite zam, kantite machin lagè ak kantite lòt byen yo te pran nan men lame yo te kraze yo.
7Jwif yo te kraze bagay yo pa vle wè a, lotèl Antyokis te bay lòd bati anwo lotèl Bondye a lavil Jerizalèm. Yo te moute miray ranpa byen wo fè wonn kote yo mete apa pou Bondye a, jan sa te ye anvan an. Yo te pran lavil Bèt-Sou, yonn nan lavil ki te pou wa a menm, yo te ranfòse miray li yo.
8Lè wa a pran tout nouvèl sa yo, yon sèl sezisman ak lapenn tonbe sou li, li t'ap tranble nan tout kò li. Mesye moute kabann li, chagren pran li dèske bagay yo pa te pase jan li te kwè l la.
9Li rete malad konsa anpil jou, tanzantan li t'ap fè yon kriz sitèlman li te chagren. Lè li wè li prèt pou l mouri,
10li fè rele tout zanmi l yo, li di yo konsa:
— M pa ka dòmi menm, mwen gen kè sote sitèlman mwen pè, mwen boulvèse,
11Lè sa te fenk pran m lan, mwen te konn ap mande nan kè m poukisa tout lafliksyon sa yo k'ap rive m la a, poukisa tout lapenn sa a k'ap anvayi kè mwen, mwen menm yon nonm ki te bon, yon nonm tout moun te renmen lè m te gen tout pouvwa mwen sou mwen.
12Men, kounyeya mwen chonje tou sa mwen te fè lavil Jerizalèm pase lè mwen te pran tout bagay an lò ak an ajan ki te la yo, lè m te mande pou yo te disparèt tout moun ki rete nan peyi Jide yo, san yo pa fè anyen ki merite sa.
13Wi, mwen rekonèt se poutèt sa tout malè sa yo tonbe sou mwen, se poutèt sa m'ap mouri chagren nan yon peyi etranje.
14Apre sa, li rele Filip, yonn nan zanmi l yo, li mete l reskonsab tout peyi ki te anba baton kòmandman l yo.
15Li renmèt li kouwòn lan, gwo manto a ak bag ki gen sò a, pou l te ka fè levasyon Antyokis, pitit gason l lan, pou l te ka okipe l jouk li rive laj pou l moute chita sou fòtèy wa a.
16Se la nan peyi Pès wa Antyokis mouri, nan lanne sankarantnèf (149).
17Lè Liziyas pran nouvèl lanmò wa a, li pran Antyokis, pitit wa a, li mete l nan plas papa l. Se li menm Liziyas ki te elve Antyokis depi lè l te tou piti. Li ba l yon ti non Epatò ki vle di: Pitit gason yon bon papa.
Lòt batay lavil Jerizalèm ak lavil Bèt-Sou(2 Makabe 13.1-22)18Ganizon sòlda yo te kite lavil Jerizalèm nan sitadèl la te bloke jwif yo nan zòn ki fè wonn tanp lan. Se tout tan yo t'ap chache okazyon pou fè yo mal, lèfini yo t'ap soutni moun lòt nasyon yo.
19Se konsa Jida pran desizyon pou l fini ak yo. Li reyini tout pèp la pou l'al atake yo, pou sènen yo nan sitadèl la.
20Pèp la sanble vre, epi yo sènen sitadèl la. Se te nan lanne sansenkant (150). Yo bati gwo platfòm pou sòlda k'ap tire flèch yo, ak lòt machin lagè.
21Men, de twa nan sòlda yo te sènen anndan sitadèl la rive chape kò yo, ansanm ak de twa nan jwif ki te vire do bay Granmèt la.
22Y'ale jouk kay wa a, epi yo di l konsa:
— Kisa w'ap tann, monwa, anvan ou vin rann nou jistis, anvan ou vin pran revanj frè parèy nou yo?
23Nou te byen kontan sèvi papa ou ak tout kè nou, pou nou te mennen bak nou dapre lòd li bay yo, lèfini pou nou te fè tou sa li te mande nou fè.
24Se poutèt sa, pwòp frè parèy nou yo pa vle wè nou. Sa ki pi rèd, yo touye tout moun tankou nou ki tonbe anba men yo, yo pran tou sa nou te genyen.
25Lèfini, se pa nou menm ase y'ap atake. Yo kite limit ou te ba yo a, y'al atake vwazen yo.
26Men jòdi a yo sènen sitadèl lavil Jerizalèm lan, yo sòti pou yo pran l. Yo ranfòse defans tanp lan ansanm ak miray ranpa lavil Bèt-Sou yo.
27Si monwa pa prese koupe devan yo, yo pral fè pi rèd pase sa. Lè sa a, ou p'ap ka rete yo sou kous yo.
28Lè wa a tande sa, li move yon sèl move. Li reyini tout zanmi konseye l yo, ansanm ak chèf k'ap kòmande lame li yo ak chèf kavalye yo.
29Anpil sòlda sòti nan lòt nasyon ak nan peyi bò lanmè yo, yo vin vann sèvis yo nan lame li a.
30Nan lame li a li vin gen sanmil (100.000) sòlda apye, venmil (20.000) kavalye, ak trannde elefan yo te drese pou fè lagè.
31Wa a pati ak tout lame li a, yo pase peyi Idime, yo vin sènen lavil Bèt-Sou kote yo pase kèk tan ap goumen. Yo atake l ak machin lagè yo. Men, moun lavil Bèt-Sou yo goumen ak fòs kouray, yo sòti, yo boule machin lagè yo.
32Lè sa a, Jida kite sitadèl li t'ap sènen an, li vin moute kan lame li a lavil Bèt-Zakari anfas kan lame wa a.
33Wa a leve granmaten, li fè lame li a deplase cho cho, al sou wout Bèt-Zakari a. Yo pran pozisyon pou batay epi yo kònen twonpèt.
34Yo mete ji rezen ak ji frèz devan je elefan yo pou eksite yo atake.
35Yo separe elefan yo bay chak rejiman kèk. Bò chak elefan, yo mete mil (1.000) sòlda ki t'ap pote chemiz may fè ak kas bwonz nan tèt yo pou pwoteje yo. Te gen senksan (500) bon kavalye yo te mete tout esprè pou mache ak elefan yo.
36Kote elefan yo fè, yo fè tou, yo te toujou pran devan elefan yo san yo pa janm kite yo yon pous.
37Sou do chak elefan te gen yon ti kay an bwa byen pwoteje yo te mare ak gwo sanng espesyal byen solid. Nan chak ti kay sa yo te gen twa sòlda ansanm ak yon moun peyi Lend pou mennen bèt yo.
38Yo mete rès kavalye yo sou de bò rejiman sòlda apye yo pou fè va sou lènmi yo, epitou pou pwoteje sòlda apye yo.
39Lè limyè solèy la tonbe sou plak pwotèj an lò ak an bwonz yo, tout mòn yo pran klere, ou ta di flanbo dife toupatou.
40Yon pòsyon nan lame wa a t'ap mache anwo sou flan mòn yo, yon lòt pòsyon t'ap mache anba nan fon platon yo. Yo t'ap vanse ansanm epi nan lòd.
41Tout moun te gen kè sote lè yo tande bri lame moun sa yo t'ap fè lè y'ap mache ak bri zam yo k'ap frape yonn ak lòt. Se te yon gwo lame ak anpil zam.
42Jida pwoche ak lame li a, epi yo mare batay. Lapoula, yo touye sisan (600) moun nan lame wa a.
43Eleaza Avaran wè yonn nan elefan yo ki te pi gwo pase tout lòt yo epitou ki te kouvri ak òneman wa yo. Li mete nan tèt li wa a te sou li.
44Li ofri tèt li pou li sove pèp li a epi pou li ka gen yon bèl repitasyon moun p'ap janm bliye.
45Li kouri tèt bese sou elefan an, nan mitan rejiman sòlda yo, li touye moun sou bò dwat ak sou bò gòch pou l pase, kifè moun te blije louvri chemen devan l ba l pase.
46Li antre anba vant elefan an, li ba li yon kout nepe pa anba, li touye l. Elefan an tonbe atè, li kouvri Eleaza ki mouri lamenm.
47Lè jwif yo wè jan lame wa a te anpil ak jan sòlda li yo te sòti pou yo goumen rèd mare, yo wete kò yo nan batay la devan yo.
48Lame wa a moute dèyè yo lavil Jerizalèm. Yo sènen peyi Jide a ansanm ak mòn Siyon an.
49Wa a fè lapè ak moun Bèt-Sou yo ki sòti kite lavil la paske yo pat gen pwovizyon ankò pou kenbe anba moun ki te sènen yo. Se te lanne repo pou tè a, kifè yo pat fè jaden.
50Lè sa a, wa a antre pran lavil Bèt-Sou, li mete yon ganizon sòlda pa l pou kenbe l pou li.
51L'al moute kan li devan Tanp lan, li sènen l pandan anpil jou. Li voye tout kalite machin lagè al atake l, machin pou defonse pòtay yo, platfòm wo pou moun k'ap tire flèch yo, machin pou voye dife, machin ak gwo fistibal pou voye wòch, ak machin pou voye flèch.
52Men, jwif yo bò pa yo fè machin lagè tou pou koresponn ak machin lagè lènmi yo. Se konsa, yo te rive kenbe tèt ak yo pandan lontan.
53Tansèlman, pat gen kont pwovizyon nan boutik yo paske se te lanne repo pou tè a. Jwif ki te sòti chape sòti nan peyi moun lòt nasyon yo pou yo vin nan peyi Jide yo te manje tout pwovizyon ki te rete yo.
54Se konsa, se yon ti ponyen moun ase ki te rete nan tanp lan paske grangou a te twòp pou lòt yo ki te kouri al lakay yo.
Wa a bay jwif yo libète sèvi Bondye jan pa yo(2 Makabe 13.23-26; 11.22-26)55Anvan li mouri, wa Antyokis te chwazi Filip pou l te fè levasyon Antyokis, pitit li a, pou pare l pou l pran plas li sou fòtèy la. Lè Liziyas pran nouvèl Filip
56te tounen sòti nan peyi Medi ak peyi Pès ansanm ak lame ki te pati ak wa a pou fè lagè a, epi li t'ap chache pran pouvwa a pou li,
57li prese bay lame pa li a lòd pou yo leve pati. Li pale ak wa a, ak kòmandman lame yo ansanm ak sòlda yo, li di yo konsa:
— Chak jou se pi fèb n'ap vin pi fèb. Pa rete nou anpil viv ankò, epi kote nou sènen an solid anpil. Lèfini, zafè gouvènman peyi a, se sou zepòl nou sa ye kounyeya.
58Ann ofri moun yo pou nou sispann fè lagè. Ann fè lapè ak yo ansanm ak tout nasyon yo a.
59Annou ba yo libète pou yo viv dapre lwa pa yo ak koutim pa yo, jan yo te konn fè l anvan an, paske se poutèt nou te boulvèse koutim sa yo kifè yo te fache konsa, kifè yo fè tout bagay sa yo.
60Wa a ansanm ak chèf lame yo dakò ak koze a. Se konsa yo voye mesay bay jwif yo pou mande lapè. Jwif yo asepte.
61Wa a ak chèf lame yo fè gwo sèman yo p'ap fè jwif yo anyen. Nan kondisyon sa a jwif yo sòti nan fò a.
62Men, lè wa a rive sou mòn Siyon an, lè li wè jan li te byen pwoteje, li pa respekte sèman li te fè a, li bay lòd pou yo kraze miray ranpa ki te fè wonn plas la.
63Apre sa, li prese pati, li tounen lavil Antyòch kote li jwenn Filip te gentan pran lavil la pou li. Yon sèl batay pete, Liziyas pran lavil la ak fòs lame li a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.