1(2) Senyè,
8(9) Ou Sòm 26.2; Jer 11.20; Rev 2.23 menm Senyè, ou se jij tout moun.
Tanpri, Senyè, fè m jistis
paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
9(10) Fè mechan yo sispann fè move bagay.
Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs.
Ou se yon Bondye ki pa nan patipri:
Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
10(11) Se Jòb 8.3; Na 1.2 Bondye ki defans mwen.
Li delivre tout moun ki mache dwat.
11(12) Bondye se yon jij ki san patipri:
Li toujou kondannen mechan yo.
12(13) Si Sòm 18.14 yon moun pa chanje lavi li,
Bondye ap file nepe li,
l'ap pare banza li pou l vize li.
13(14) Bondye Jòb 15.35; Eza 59.4 ap pare zam sa yo pou touye li.
L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.
14(15) Gade Sòm 57.6; Pwo 26.27; Ekl 10.8 jan mechan an gen move lide nan kè li!
L'ap fè plan pou fè moun mal.
L'ap plede bay manti.
15(16) Li 1 Wa 2.32; Estè 9.25; Sòm 94.23; Pwo 5.22 fouye yon gwo twou byen fon nan tè a.
Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
16(17) Se Sòm 9.2 konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe.
Se pwòp mechanste l ki tounen kont li!
17(18) Mwen menm, m'ap di Senyè a mèsi pou jistis li.
M'ap fè lwanj Senyè a ki anwo nan syèl la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.