Jeremi 31 - 1998 Haitian Creole

Izrayèl tounen lakay li

1Senyè a di ankò:

— Lè

Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou.

Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.

4Bèl Kilè mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.

24Se Jer 33.12 sou mòn sa a moun peyi Jida yo ansanm ak moun tout lavil yo pral rete. Se la moun k'ap travay latè yo ansanm ak moun k'ap gade mouton yo pral rete tou.

25Mwen Sòm 36.8 pral bay tout moun ki bouke yo kouray. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo.

26Lè sa a, pèp la va di: Mal dòmi. Lè m leve, mwen wè dòmi an te bon pou mwen.

27Talè Eze 36.11 konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

28Menm Jer 1.10; 24.6; 32.42; 44.27 jan mwen te pran san m pou m te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m pou m rebati yo, pou m replante yo. Se Senyè a menm ki di sa.

29Lè Lam 5.7; Eze 18.2-4 sa a, pèsonn p'ap di ankò:

Papa ak manman te manje rezen vèt,

se dan timoun yo ki gasi.

30Moun ki manje rezen vèt la, se li menm ki va gen dan gasi. Chak moun va mouri pou sa li fè ki mal.

31Senyè a Eb 8.8-12 di Lik 22.20; 2 Kor 3.6 ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo.

32Se Det 1.31; Jer 3.14 p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pat kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Senyè a ki di sa!

33Men Sòm 37.31; Jer 32.40; Eze 37.26; Oze 2.23; Zak 8.8; 2 Kor 3.3; Eb 10.16 kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.

34Pèsonn Eza 43.25; 54.13; Jer 33.8; 50.20; Mi 7.18; Tra 10.43; Wòm 11.27; Eb 10.17 p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen m, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

35Senyè a Jer 10.16 mete solèy la pou l klere lajounen.

Li bay lalin ak zetwal yo lòd pou yo klere lannwit.

Li eksite lanmè a, li fè l move.

Se li menm ki Senyè ki gen tout pouvwa a:

Se konsa yo rele l.

36Toutotan Sòm 148.6; Eza 54.9,10; Jer 33.24-26 prensip sa yo va kenbe,

se toutotan pèp Izrayèl la va yon nasyon devan mwen.

Se mwen menm Senyè a ki di sa.

37Si Wòm 11.1 yon jou yo ka rive mezire wotè syèl la,

si yo ka rive konnen fondasyon latè a,

konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pèp Izrayèl la jete poutèt tou sa yo fè ki mal.

Se Senyè a menm ki di sa.

38Men Zak 4.10 sa Senyè a di ankò:

— Pa rete lontan ankò, yo pral rebati tout lavil Jerizalèm pou Senyè a, depi gwo fò Ananyèl la jouk Pòtay Kwen an.

39Limit Eze 40.3; Zak 1.16; 2.1,2; Rev 11.1 lavil la va konmanse la, la pran direksyon ti mòn Garèb la sou bò lwès, la vire bò Goa.

40Y'a Eza 52.1; Jer 7.31,32 pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki sòti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help