1Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di:
— Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa.
2Jakòb vin wè tou Laban pat ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an.
3Lè nan lang pa l, men Jakòb te rele l nan lang pa l Galèd.
48Laban
50Laban Jij 11.10; Jer 42.5; Mi 1.2 pale ankò, li di:
— Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè.
51Laban di Jakòb ankò:
— Men pil wòch mwen mete pou separe nou an. Men bòn ou plante a la.
52Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gendwa depase l pou m vin atake ou, ni ou pa gendwa depase l pou ou vin atake m.
53Se Jen 16.5; 31.42 pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou.
Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l respekte a.
54Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan.
55Nan Jen 31.28 denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.