1 Korent 16 - 1998 Haitian Creole

Lajan yo ranmase pou ede frè yo

1Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede Tra 11.29; Gal 2.10; 2 Kor 8.9 pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.

2Chak Tra 20.7 premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.

3Lè m ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon.

4Si sa merite pou m ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen.

Sa Pòl gen lide fè

5M'a Tra 19.21 vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedouàn. Paske, fòk mwen pase la anvan.

6Mwen Wòm 15.24; Tit 3.12 ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m ale kote m'a gen pou mwen ale a.

7Fwa Tra 20.2; 18.21 sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle.

8Men, Tra 19.1,10 mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt.

9Paske 2 Kor 2.12; Kol 4.3; Rev 3.8 nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen.

10Si 1 Kor 4.17; Fil 2.20 Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l santi l lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Senyè a.

11Pa 1 Tim 4.12 kite pèsonn meprize li. Se pou nou ede l pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo.

12Kanta 1 Kor 1.12; 3.6 frè Apolòs, mwen pat manke ankouraje l pou l te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa kounyeya. Enben, l'a fè vwayaj la lè l'a kapab.

Dènye ti konsèy, bonjou pou tout moun

13Pa Sòm 31.24; Ef 6.10 bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.

14Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.

15Frè m 1 Kor 1.16; Wòm 16.5 yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a.

16Enben, Fil 2.29 moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou.

17Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtinatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen.

18Yo 1 Tes 5.12 remoute kouray mwen, menm jan yo te remoute kouray nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.

19Legliz Tra 18.2,18,26; Wòm 16.3,5 ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Senyè a.

20Tout Wòm 16.16; 2 Kor 13.12; 1 Pyè 5.14 frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.

21M'ap Kol 4.18; 2 Tes 3.17 ekri nou sa ak men pa m: Pòl voye bonjou pou nou tout.

22Si Gal 1.8,9 yon moun pa renmen Senyè a, madichon pou li. Senyè nou, vini non!

23Se pou benediksyon Jezi Senyè a toujou la avè nou.

24Mwen renmen nou tout nan Jezikri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help