Lèt Jeremi 1 - 1998 Haitian Creole

Pa mele nan sèvis zidòl yoWa Babilòn lan te fè moun peyi Jida yo prizonye, li tapral depòte yo ale lavil Babilòn. Men kopi lèt Jeremi te voye bay moun sa yo pou fè yo konnen mesay Bondye te ba li lòd ba yo a.

1Nebikadneza, wa moun Babilòn yo, pral depòte nou ale lavil Babilòn tankou prizonye, paske nou pa manke fè peche kont Bondye.

2Rive n'a rive lavil Babilòn, nou pral rete la pou kèk tan, pandan anpil lanne. N'a gen tan sou sèt jenerasyon anvan m'a fè nou kite peyi sa a ak kè poze.

3Nan lavil Babilòn lan se renk bondye fèt an ajan, an lò ak an bwa nou pral wè la, bondye y'ap pote sou zepòl, epi k'ap fè moun lòt nasyon yo pè.

4Veye kò nou pou nou menm tou nou pa tounen tankou moun lòt nasyon sa yo, pou nou pa pè bondye sa yo tou,

5lè n'a wè foul moun k'ap bese tèt jouk atè ni devan ni dèyè estati yo. Men sa pou nou di nan kè nou: Mèt, se devan ou ase pou moun bese tèt yo jouk atè,

6paske men sa Bondye di: Zanj mwen an va kanpe la avè nou, l'ap pran swen nou.

Pa pran zidòl yo pou sa yo pa ye

7Lè ou gade byen, se yon bòs atizan ki taye lang bondye sa yo. Ou te mèt wè yo kouvri ak plak lò ak plak ajan, tou sa se pou twonpe je moun: yo pa ka pale.

8Tankou jennfi ki renmen mete bèl rad ak lòt bèl bagay sou yo, moun yo pran lò,

9yo fè kouwòn mete sou tèt bondye yo. Prèt yo menm konn rive vòlò lò ak ajan sa yo pou achte sa yo bezwen.

10Yo konn rive pran yo bay jennès sou teras yo. Moun yo menm fè rad mete sou bondye ki fèt an lò, an ajan ak an bwa sa yo tankou pou moun,

11men sa pa enpoze estati yo wouye, ni sa pa anpeche yo pouri. Mete yo mete bèl rad wouj sou yo,

12yo netwaye figi estati yo pou wete pousyè tanp lan ki tonbe an kantite sou yo.

13Atout yo gen yon baton kòmandman nan men yo tankou moun ki chèf tout yon zòn, yo pa ka touye pèsonn ki fè yo mal.

14Atout yo gen yon ponya ak yon rach nan men dwat yo, yo pa ka defann tèt yo ni nan lagè, ni anba vòlò. Se la nou wè se pa bondye tout bon yo ye. Se poutèt sa nou pa bezwen pè yo.

15Tankou veso kase ki pa ka sèvi ankò,

16se konsa bondye sa yo ye, fini yo fin mete yo nan tanp yo. Je yo kouvri ak pousyè moun k'ap antre nan tanp yo leve anba pye yo.

17Menm jan yo fèmen pòt prizon sou yon moun ki fè wa a yon bagay mal anvan yo mennen l al mouri, se konsa prèt yo barikade tanp yo, yo fèmen pòt yo doub, yo mete anpil seri ak kòchèt pou piyajè pa vin pran bondye sa yo.

18Prèt yo limen lanp depase sa yo menm yo bezwen pou tèt pa yo, atout bondye yo menm pa ka wè yonn nan lanp yo.

19Bondye yo tankou yonn nan gwo poto travès tanp lan yo di ki pouri tout anndan. Vèmin sot nan tè moute manje yo ak tout rad ki sou yo, yo pa santi sa.

20Lafimen nan tanp lan fè figi yo tou nwa.

21Chòlchòl, ziwondèl ak lòt kalite zwazo ap vole sou tout kò yo, anwo tout tèt yo. Ou jwenn ata chat.

22Se tout bagay sa yo k'ap fè nou wè se pa bondye tout bon yo ye. Se poutèt sa nou pa bezwen pè yo.

23Ata plak lò yo mete sou yo pou fè yo bèl la, si moun pa netwaye yo pou wete salte ki sou yo a, yo p'ap janm klere. Lè yo t'ap fonn yo nan gwo dife, yo pa te menm santi sa.

24Epi moun ap achte bagay sa yo ki pa gen yon ti souf nan yo pou nenpòt gwo lajan!

25Yo pa gen pye, kifè moun blije pote yo sou zepòl. Konsa, yo menm yo fè moun wè yo pa vo anyen. Ata moun k'ap sèvi yo wont lè konsa,

26paske si yon zidòl tonbe atè, se yo ki pou ranmase l. Si yo mete l kanpe yon kote, li pa ka deplase pou kont li. Si li kouche, li pa ka leve pou kont li. Lè y'ap fè ofrann ba yo, se tankou lè y'ap ofri moun mouri yon bagay.

27Bèt moun ofri pou touye pou zidòl yo, se prèt yo ki vann yo pou fè yon ti lajan pou tèt pa yo. Konsa tou, madanm yo pito sale yon pòsyon pou yo sere pase pou yo bay moun pòv ak moun enfim yo.

28Fanm ki gen lalin ak fanm ki fenk akouche gendwa manyen bèt yo ofri pou touye pou zidòl sa yo. Nou menm ki wè yo fè tout bagay sa yo, nou tou konnen se pa bondye zidòl sa yo ye. Nou pa bezwen pè yo.

Yo pa te dwe rele zidòl yo bondye

29Kijan yo fè ka rele zidòl sa yo bondye? Nou pa wè se fanm k'ap fè sèvis pou bondye sa yo ki fèt an ajan, an lò ak an bwa?

30Nan mitan tanp yo menm, prèt yo ap kouri cha lagè. Yo mete rad chire sou yo, yo koupe cheve nan tèt yo ak bab nan figi yo, yo rete tèt touni,

31y'ap plede rele, y'ap wouke devan bondye yo tankou moun ki nan manje lèmò.

32Yo wete rad ki sou bondye yo pou yo bay madanm yo ak pitit yo met sou yo.

33Ou te mèt fè bondye sa yo byen, ou te mèt fè yo mal, yo pa ka renmèt ou sa. Yo pa ka fè moun rive wa, ni yo pa ka jete yo.

34Konsa tou, yo pa ka bay richès, ni lajan. Si yon moun pa kenbe angajman li te pran ak yo, yo pa ka mande l regleman.

35Yo pa ka sove yon moun anba lanmò, ni yo pa ka rache yon ti piti anba men yon grannèg.

36Yo pa ka fè yon avèg wè ankò. Ni yon moun ki anba tray, yo pa ka soulaje l.

37Yo pa gen pitye pou fanm vèv yo, ni yo p'ap fè okenn byen pou timoun san papa yo.

38Bagay an bwa sa yo ki kouvri ak plak lò ak plak ajan kole sou yo a, yo sanble wòch yo rache nan mòn. Moun k'ap sèvi yo p'ap manke wont.

39Kijan yo fè ka pran yo pou bondye? Kijan yo fè ka di se bondye yo ye?

40Sa ki pi rèd, ata moun peyi Kalde yo ap derespekte yo. Lè yo jwenn yon moun ki pa ka pale, yo mennen l bò kote Bèl, yo mande Bèl pou l fè bèbè a pale, tankou si Bèl te ka konprann yo.

41Atousa, moun sa yo pa ka kalkile pou yo ta wè pou yo ta vire do bay bondye sa yo ki pa gen okenn konprann.

42Medanm yo menm mare kòd nan ren yo, apre sa, y'al chita bò granchemen ap boule rip bwa.

43Lè yonn ladan yo fin kouche ak yon nonm ki t'ap pase bò la epi ki te mande li fè lanmou, li pase sa ki te chita bò kote l la nan betiz dèske yo pa te chwazi l menm jan avè l pou yo te kase kòd ki mare nan ren l lan.

44Tou sa ki gen rapò ak bondye sa yo se mantò. Kijan yo fè ka pran yo pou bondye? Kijan yo fè ka di se bondye yo ye?

45Se bòs atizan ak bòs òfèv ki fè yo. Yo pa ka plis pase sa bòs atizan yo vle yo ye.

46Ata moun ki fè yo p'ap viv lontan. Kouman ou ta vle pou bagay moun sa yo fè ta bondye tout bon vre?

47Konsa, se mantò ak lawontèz ase moun sa yo kite pou moun pa yo k'ap vin apre yo.

48Lè lagè ak gwo malè tonbe sou zidòl sa yo, tout prèt yo reyini ansanm pou yo konnen kote pou y'al kache ansanm ak zidòl yo.

49Kouman atò moun fè pa wè se pa bondye zidòl sa yo ye, zidòl sa yo ki pa menm ka sove pwòp tèt yo anba lagè ak gwo malè?

50Se bagay fèt an bwa kouvri ak plak lò ansanm ak plak ajan kole sou yo yo ye. Apre sa, n'a rekonèt se manti ase yo ye. Se bagay moun fè ak men yo. Pa gen anyen lakay yo ki sòti nan Bondye.

51Pa gen moun ki pa santi yo blije rekonèt se pa bondye zidòl yo ye.

52Zidòl sa yo pa ka bay yon peyi yon wa, ni yo pa ka fè lapli tonbe pou moun.

53Yo pa ka pran okenn desizyon pou regle ata pwòp zafè pa yo. Yo pa ka pote yon ti lasistans bay okenn moun k'ap sibi lenjistis, yo pa bon pou fè anyen.

54Yo tankou kònèy k'ap vole nan syèl la. Si dife tonbe sou tanp bondye an bwa kouvri ak plak lò osinon ak plak ajan sa yo, prèt yo ap kouri met deyò, y'ap sove poul yo san anyen pa rive yo. Men bondye yo menm pral boule nèt tankou travès bwa nan dife a.

55Yo p'ap leve dèyè yon wa, ni yo p'ap kenbe tèt ak lènmi yo.

56Kijan yo fè ka rekonèt se bondye yo ye, osinon pran yo pou bondye?

Bondye an bwa sa yo pa gen okenn pouvwa

57Bondye an bwa kouvri ak plak ajan ak plak lò sa yo pa ka fè anyen poutèt pa yo lè vòlò ak piyajè tonbe sou yo. Moun te mèt rache plak lò ak plak ajan ki kole sou yo a, yo te mèt pran tout rad ki sou yo, zidòl yo p'ap ka fè anyen pou tèt pa yo pou anpeche moun fè yo sa.

58Konsa, pito yon moun ta yon wa k'ap fè wè se vanyan gason li ye osinon nenpòt bagay nan yon kay ki ka itil mèt li yon lè li ye pase pou l yonn nan bondye mantò sa yo. Osinon, pito yon moun gen yon pòt kay ki ka pwoteje tou sa ki anndan kay la pase pou l gen yonn nan bondye mantò sa yo.

Pito ou gen yon gwo poto bwa nan yon palè pase ou gen yonn nan bondye mantò sa yo.

59Paske solèy, lalin ak zetwal yo ki klere nan syèl la epi k'ap fè sèvis yo pa nan kont pou fè travay yo.

60Zèklè a tou, lè l fè yan, ou fasil wè li, menm jan ak van an tou lè l'ap soufle nan tout yon zòn.

61Lè Bondye bay nyaj yo lòd pou yo mache nan syèl la anwo tout latè, yo fè sa li di yo fè a.

62Lè se dife li voye pou boule mòn yo ak gwo rakbwa yo, dife a fè sa yo ba li lòd fè a. Zidòl yo menm pa tankou okenn nan bagay sa yo ni nan fòm yo, ni nan pouvwa yo.

63Dapre sa nou wè la a nou pa ka pran yo pou bondye, ni nou pa ka mache di se bondye yo ye, paske yo pa ka rann yon jijman, ni yo pa ka fè moun byen.

64Kifè nou konnen se pa bondye yo ye, konsa nou pa bezwen pè yo.

65Yo pa ka bay wa yo madichon, ni yo pa ka ba yo benediksyon.

66Yo pa ka fè moun lòt nasyon yo wè okenn renmak nan syèl la, yo pa ka bay gwo limyè tankou solèy, ni yo pa ka klere tankou lalin.

67Bèt nan bwa ki bèt nan bwa pi bon pase yo, paske bèt yo ka kouri al kache kò yo yon kote pou kont yo.

68Tout jan, pa gen anyen ki fè nou wè se bondye bagay sa yo ye. Konsa, nou pa bezwen pè yo.

69Tankou yon gwo popetwèl nan mitan yon jaden konkonm ki p'ap pwoteje anyen, se konsa bondye an bwa kouvri ak plak lò ak plak ajan moun sa yo ye.

70Osinon se tankou yon pye pikan nan yon jaden kote tout zwazo vin poze, oswa ankò tankou yon kadav yo jete nan fènwa, se konsa bondye an bwa kouvri ak plak lò ak plak ajan moun sa yo ye.

71Lè nou wè jan bèl rad wouj yo ak tout bèlte yo ap gate sou yo, nou tou konprann se pa bondye yo ye. Rive yon lè, se estati yo menm poudbwa pral devore, se va yon wont pou peyi a.

72Pito yon moun mache dwat san li pa nan sèvi zidòl, konsa li p'ap janm wont.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help