Egzòd 29 - 1998 Haitian Creole

Konsekrasyon Arawon ak pitit gason l yo(Levitik 8)

1Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo.

2W'a grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout gès yo, ansanm ak jigo dwat la paske se yon belye k'ap sèvi pou sèvis konsekrasyon prèt yo.

23Nan panyen pen san ledven ki devan Senyè a, w'a pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil ak yon pen plat.

24W'a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l yo. W'a mete yo apa pou sèvis mwen, w'a fè yo balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann.

25Lèfini, Lev 6.22 pran manje a nan men yo, boule l sou lotèl la, anwo ofrann ki boule deja a, pou l fè Senyè a plezi ak bon sant li. Se va yon ofrann pou Senyè a ki fèt pou boule nèt nan dife.

26Pran Lev 7.31 vyann pwatrin belye ki sèvi pou sèvis konsekrasyon Arawon, w'a balanse li devan Senyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa.

27W'a Lev 7.32 pran vyann pwatrin belye ki te sèvi pou sèvis konsekrasyon Arawon ak pitit gason li yo, w'a mete yo apa pou Senyè a. W'a balanse yo devan Senyè a tankou yon ofrann. W'a fè menm bagay la tou pou jigo w'ap mete pou prèt yo.

28Dapre Lev 7.34 lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Senyè a.

29Lè Nonb 20.26,28 Arawon va mouri, rad sèvis li yo va rete pou pitit li yo. Se rad sa yo y'a mete sou yo lè y'ap vide lwil sou tèt yo pou mete yo apa, lè y'ap ba yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.

30Pitit Arawon ki va pran plas Arawon nan sèvis Senyè a va mete rad yo sou li pandan sèt jou, epi l'a antre nan tant lan pou fè sèvis li nan kote ki apa pou Bondye a.

31W'a pran belye mouton ki te sèvi nan sèvis pou mete apa a, w'a fè kwit vyann li yon kote ki apa pou Bondye.

32Arawon ak pitit gason l yo va manje vyann belye a ansanm ak pen ki nan panyen an. Y'a rete bò pòt devan Tant Randevou a.

33Y'a Lev 10.14,15; 22.10 manje manje ki te sèvi nan sèvis yo fè pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen, sèvis yo te fè lè yo t'ap mete yo apa, lè yo t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis Bondye a. Se prèt yo ase ki ka manje manje sa yo, paske se manje yo mete apa pou Bondye.

34Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, nan denmen maten w'a boule l nan dife. Piga pèsonn manje li, paske se manje yo mete apa pou Bondye.

35W'a fè tou sa m te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen.

36Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lotèl la nan kondisyon pou l sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l apa pou sèvis Bondye.

37Pandan Mat 23.19 sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lotèl la. Konsa w'a mete lotèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lotèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lotèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lotèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou.

Ofrann chak jou a(Nonb 28.1-8)

38Men Nonb 28.3; 1 Kwo 16.40; 2 Kwo 2.4; Esd 3.3; Eb 10.11 sa ou gen pou ofri sou lotèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki pako gen ennan bay Bondye.

39W'a Sòm 141.2; Eze 46.13 ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt.

40Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a.

41W'a 1 Wa 18.29; Esd 9.4,5 touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.

42Ofrann Egz 25.22; Nonb 28.6 nan dife sa a, yo gen pou yo fè l tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Senyè a, m'ap kontre ak pèp mwen an pou m pale ak yo.

43Se Egz 40.34; Lev 9.23; Nonb 14.10; 16.19,42; 20.6; 1 Wa 8.11; 2 Kwo 5.14; 7.1-3; Eze 43.5; Aje 2.7,9 la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen.

44M'ap Lev 21.15; 22.9,16 mete Tant Randevou a apa pou sèvis mwen. M'ap fè menm bagay la tou pou lotèl la. M'ap mete Arawon ak pitit gason l yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m prèt.

45M'ap Egz 25.8 rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo.

46Y'a konnen se mwen menm ki Senyè a, Bondye yo a, se mwen menm ki te fè yo sòti kite peyi Lejip pou m te kapab rete nan mitan yo. Se mwen ki Senyè a, Bondye yo a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help