Jenèz 41 - 1998 Haitian Creole

Jozèf esplike de rèv farawon an

1Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la.

2Li wè sèt bèl vach byen gra moute sòti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a.

3Apre sa, sèt lòt vach tou lèd, tou mèg, moute sòti nan dlo a tou. Yo vin kanpe toupre lòt vach yo, bò dlo a.

4Sèt vye vach mèg yo manje sèt bèl vach gra yo. Epi je farawon an vin klè.

5Dòmi pran l ankò, li fè yon lòt rèv. Li wè sèt gwo grap ble ki t'ap pouse sou yon sèl pye ble. Yo te plen grenn, yo te mi.

6Apre Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la.

46Jozèf paske li t'ap di nan kè l: Bondye fè m bliye tout soufrans mwen ansanm ak moun lakay papa m yo.

52Li rele dezyèm lan Efrayim paske li t'ap di nan kè l: Bondye fè m fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a.

53Sèt bon lanne rekòt yo te fin pase nan peyi Lejip la.

54Sèt Sòm 105.16; Tra 7.11 lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la.

55Men, yon lè grangou konmanse mete pye nan peyi Lejip la tou. Pèp la menm pran rele nan zòrèy farawon an, y'ap mande manje. Farawon an di moun peyi Lejip yo:

— Al jwenn Jozèf. Se li menm ki va di nou sa pou nou fè.

56Lè Jen 42.6; 47.14,20,24 grangou a te toupatou nan peyi Lejip la, Jozèf louvri tout depo yo. Li vann moun peyi Lejip yo ble, paske grangou a te rèd anpil nan peyi Lejip la.

57Moun Jen 41.54,56 sòti toupatou nan tout lòt peyi yo vin achte ble nan men Jozèf nan peyi Lejip, paske grangou a te rèd anpil toupatou sou latè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help