Sòm 77 - 1998 Haitian Creole

SÒM 77 (76)Anba tray, nou chonje tan lontan(1) Pou Sòm 3.4 chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf.

1(2) Mwen Sòm 50.15; 86.7; 143.6; Eza 26.9 rele byen fò nan pye Bondye.

Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.

2(3) Lè Sòm 43.5; 61.2; 142.3; 143.4 mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Senyè a.

Tout lannwit m'ap lapriyè san rete,

mwen pa ka jwenn konsolasyon.

3(4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn!

M'ap kalkile, mwen santi m dekouraje!

4(5) Ou Det 32.7; Sòm 143.5; Eza 51.9 fè m rete je klè,

mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.

5(6) M'ap Sòm 4.4; 42.8 chonje tan lontan,

wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.

6(7) Mwen Sòm 44.9 pase nwit ap repase chante yo,

m'ap kalkile anpil nan kè m

m'ap egzaminen, m'ap di:

7(8) — Eske Jer 15.18; Wòm 9.6 Senyè a voye m jete nèt?

Eske li p'ap janm kontan avè m ankò?

8(9) Eske Eza 49.15; Aba 3.2 Bondye pa gen bon kè ankò?

Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?

9(10) Eske Jer 10.19 Bondye bliye gen pitye?

Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?

10(11) Apre Sòm 105.5 sa mwen di: Men sa k fè m pi mal ankò!

Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?

11(12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo,

paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.

12(13) M'ap Sòm 35.10 kalkile tout sa ou te fè yo,

m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo!

13(14) Tout Sòm 72.18; 106.8 sa ou fè, Bondye, se bagay apa!

Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!

14(15) Ou Egz 6.6; Det 9.29 se Bondye ki fè mèvèy.

Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.

15(16) Avèk Egz 14.21; Joz 3.15,16; Sòm 114.3; Aba 3.10 fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a,

pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.

16(17) Lè Sòm 18.14 dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo sòti pè.

Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.

17(18) Nyaj Sòm 97.4; 104.7 yo pran vide gwo lapli,

kout loray pran woule nan nyaj yo,

kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.

18(19) Bri Aba 3.15 loray la pran woule nan syèl la.

Kout zèklè klere toupatou.

Tè a sòti pè, li pran tranble.

19(20) Ou Egz 13.21; Eza 63.11,12 louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a.

Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an.

Men pèsonn pa ka wè mak pye kote ou pase.

20(21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a

tankou yon bann mouton y'ap mennen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help