1Konsa tou, men bagay pou ou pa wont fè.
Pa gade sou sa moun ap di pou ou pa tonbe nan fè peche.
2Pa wont lalwa Bondye ki anwo nan syèl la, ni kontra li a.
Pa wont rann jistis an favè yon moun ki pa konn Bondye si li pa antò.
3Pa wont separe ak yon zanmi osinon ak moun k'ap vwayaje ansanm avè ou depans nou fè ansanm.
Pa wont separe byen eritay ou ak lòt moun.
4Pa wont sèvi ak balans ki pa fo ni ak mezi san madou.
Pa wont fè lajan, kit li gwo, kit li piti.
5Pa wont fè benefis lè w'ap vann kichòy.
Pa wont korije pitit ou yo dri.
Pa wont bat yon esklav malonèt jouk ou mete san l deyò.
6Lè ou gen yon fanm fouyapòt, li bon pou mete tout afè ou anba kle.
Kote ki gen anpil moun, sere tout bagay anba kle.
7Lè w'ap mete kichòy an depo, se pou ou fè yo kontwole l anvan, se pou yo peze l devan ou.
Ni sa w'ap bay, ni sa w'ap resevwa, se pou ou fè yo kouche l sou papye.
8Pa wont korije moun ki enbesil ak moun sòt,
ata vye granmoun ki nan dezòd ak jennès.
Se konsa w'ap moutre ou gen bon lizay tout bon.
Tout moun va tonbe dakò avè ou.
Pitit fi ak papa yo9Atout yon papa p'ap kite moun konn sa,
l'ap pase nwit san dòmi poutèt pitit fi li.
Traka pitit fi a ap ba li ap anpeche l dòmi.
Si pitit fi a jenn toujou, papa a pè pou li pa tann twòp anvan li marye.
Si li marye menm, li pè pou mari a pa vle wè l ankò.
10Si li tifi, li pè pou pitit fi a pa kite gason pran tèt li pou li pa tonbe ansent la nan kòkay li.
Si li marye, li pè pou pitit fi a pa twonpe mari l.
Si li lakay mari l, li pè pou li pa ka fè pitit.
11Si pitit fi ou ap fè wòklò, veye l byen,
pou li pa lakòz lènmi ou yo pase ou nan rizib.
L'ap fè tout moun lavil yo ap fè fraz sou do ou, y'ap fè kouri tout kalite tripotay sou ou.
L'ap fè ou wont devan tout moun lè yo reyini. Fanm
12Pa rete ap gade jan yon moun bèl.
Pa chita nan mitan fanm.
13Paske menm jan se nan rad sizo kale pou manje rad,
konsa tou se fanm ki kale yon mechanste k'ap gate lòt fanm parèy yo.
14Yon nonm ki mechan pi bon pase yon fanm ki bon.
Se renk lawont ak repwòch yon fanm lakòz.
Bèl pouvwa Bondye a parèt aklè nan tou sa li kreye yo15Kounyeya mwen pral fè nou chonje tou sa Granmèt la fè.
Wi, mwen pral rakonte nou tou sa mwen wè.
Se ak pawòl nan bouch li, Granmèt la fè tou sa li fè.
Tou sa li kreye fè volonte li.
16Menm jan limyè solèy leve klere sou tout bagay,
konsa tou pouvwa Granmèt la parèt aklè nan tou sa li fè.
17Granmèt la pa bay zanj li yo pouvwa pou yo rakonte tout mèvèy li fè yo,
mèvèy Granmèt ki gen tout pouvwa a te tabli byen solid
pou tout bagay nèt ka kanpe fèm ak bèl pouvwa li.
18Li sonde lanmè, li sonde kè moun,
li konnen tou sa yo ka fè,
paske Bondye ki anwo nan syèl la konnen tou sa ki gen pou konnen.
Li konprann tout siy tan an ap bay.
19Li konnen tou sa ki pase deja ak tou sa ki gen pou rive.
L'ap devwale sekrè ki kache pi fon yo.
20Pa gen lide moun fè nan tèt yo ki chape anba je l.
Pa gen pawòl nan bouch yo ki kache pou li.
21Li ranje tout bèl bagay li fè nan bon konprann li yo byen ranje.
Li toujou menm lan pou tout tan ak pou tout tan.
Anyen pa sòti sou li, anyen pa mete anyen sou sa li ye.
Li pa bezwen pèsonn pou ba li konsèy.
22Tou sa li fè bèl,
ata pi piti tensèl dife moun ka wè a.
23Tout bagay sa yo la pou tout tan,
yo chak gen travay pa yo li ba yo fè.
24Tout bagay mache de pa de, yonn anfas lòt.
Pa gen anyen ki manke nan sa li fè yo.
25Chak bagay ap ranfòse bon travay yon lòt ap fè.
Kimoun ki ka janm bouke gade bèl pouvwa li a?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.