Sòm 120 - 1998 Haitian Creole

SÒM 120 (119)Bondye, vin delivre m non(1a) Se Sòm 118.5; Jo 2.2 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.

1(1b) Lè m te nan tray, mwen te rele Senyè a,

li te reponn mwen.

2Delivre m non, Senyè,

anba moun k'ap bay manti,

anba moun k'ap twonpe moun.

3Ipokrit, Jak 3.6 kisa ou merite Bondye fè ou?

Kisa pou li fè ou pi plis pase sa?

4Eske Sòm 127.4; 140.10 se avèk flèch pwenti sòlda yo?

Eske se avèk chabon gayak tou limen?

5Malè Eza 21.16; Jer 49.28; Eze 27.13,21 pou mwen, paske se tankou si m te rete nan mitan moun peyi Mechèk,

osinon nan mitan moun peyi Keda.

6Mwen rete twò lontan

ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

7Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt,

yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help