1Sa ki te egziste depi nan koumansman an, Jan 1.1,14 Sa nou te tande a, Sa nou te wè ak pwòp je nou an, Sa nou te pran tan nou gade byen gade a, Sa nou te poze san nou manyen ak men nou an konsènan pawòl ki bay lavi a, Se sou li menm m'ap ekri nou an.
2Lè Jan 1.4 lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.
3Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.
4M'ap Jan 15.11; 16.24 ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale.
Bondye se limyè5Men Jak 1.17 nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.
6Si 1 Jan 2.4; Jan 3.21 nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.
7Men, Eb 9.14; Rev 1.5; 7.14 si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.
8Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.
9Si Pwo 28.13 nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.
10Men, si nou di nou pat fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.