Women 4 - 1998 Haitian Creole

Egzanp Abraram lan

1Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l te jwenn?

2Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye.

3Men Jen 15.6; Gal 3.6; Jak 2.23 sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l gras.

4Moun Wòm 11.6; Mat 20.7,14 ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li.

5Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li.

6Se Sòm 32.1,2 sa David te vle di, lè l deklare: yon moun Bondye fè gras san Bondye pa gade sou sa l fè, se moun konsa ki beni:

7Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè!

8Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l kont pou sa li fè ki mal!

9Eske Jen 15.6 benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fenk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l gras.

10Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pat nan apre. Se te anvan li te sikonsi.

11Se Jen 17.10,11 lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.

12Abraram Mat 3.9; 1 Pyè 2.21; 2 Kor 12.18 se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi.

Pwomès Bondye a pou tout moun

13Bondye Jen 18.18; 22.17,18 te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pat fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sa k fè Bondye te fè l gras.

14Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò. Pwomès li a pèdi tout valè li.

15Poukisa? Wòm 3.20; 5.13; 7.8,10 Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa.

16Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sa k fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout,

17jan Jen 17.5; Eza 48.13 sa ekri nan Liv la:

Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon.

Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pat la.

18Abraram Jen 15.5 te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pat gen okenn rezon pou l te tann ankò. Se sa k fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo va anpil.

19Lè Jen 17.17 sa a, Abraram te vanse gen santan. Men konfyans li pa te febli lè li te wè kò li ap tchoule, epi madanm li Sara pa t'ap ka fè pitit.

20Non, Eb 11.7,11,34 li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye.

21Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la.

22Se Jen 15.6 konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l gras.

23Men Wòm 15.4 se pa pou Abraram sèlman yo te ekri pawòl sa yo: Bondye konsidere li pou moun dwat.

24Pawòl 1 Pyè 1.21 sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè sòti vivan pami mò yo, Jezikri, Senyè nou an.

25Se Eza 53.4,5; 1 Kor 15.17 Jezikri sa a ki te mouri pou peche nou epi ki te resisite pou fè Bondye fè nou gras.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help