1Enben! Men sa m vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay.
2Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k'ap okipe l la, moun k'ap regle zafè l pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive.
3Nou nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la kounyeya nan esklavaj ak tout pitit li yo.
26Men, Eb 12.22 Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.
27Men Eza 54.1 sa ki ekri nan Liv la:
Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pat ka fè pitit!
Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm
ki pat janm konnen doulè tranche!
Paske, fanm gason pat okipe a
ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.
28Kounyeya, frè m yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l te pwomèt la.
29Nan Jen 21.9 tan Abraram, pitit ki te fèt dapre egzijans lachè a t'ap pèsekite pitit ki te fèt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye kounyeya tou.
30Men, Jen 21.10,12; Jan 8.35 kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyò ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gendwa eritye nan byen papa a ansanm avèk pitit fanm ki pat esklav la.
31Konsa, Gal 3.29 frè m yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pat esklav la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.