Sajès 1 - 1998 Haitian Creole

Chache mache dwat devan Bondye

1Nou menm k'ap gouvènen peyi sou latè,

renmen sa ki dwat devan Bondye,

mete bon lide nan tèt nou sou Granmèt la.

Chache l ak tout kè nou.

2Paske moun ki pa nan fè plan avè l, l'ap kite yo jwenn li.

Moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap fè yo konnen li.

3Move lide kwochi fè moun kouri lwen Bondye.

Se moun fou ki seye sonde pouvwa Bondye k'ap fè yo wont lan.

4Bon Konprann p'ap antre nan moun k'ap fè sa ki mal.

Li p'ap rete nan kè moun ki esklav peche.

5Men, Lespri Bondye ki la pou fè levasyon moun pa mele ak moun bakoulou.

Li pa rete kote moun ki gen lide moun fou nan tèt yo.

Li pa alèz kote y'ap fè lenjistis.

Bondye konnen tou sa n'ap di

6Bon Konprann se yon lespri ki zanmi tout moun.

Pou pini li p'ap pa pini moun ki pale Bondye mal,

paske Bondye konnen tout santiman yo gen nan kè yo.

L'ap sonde tout lide k'ap travay nan tèt yo, li p'ap fè patipri.

L'ap tande tout pawòl ki sot nan bouch yo.

7Lespri Granmèt la toupatou.

Se li menm ki kenbe tout bagay ansanm.

Li konnen dènye pawòl ki pale.

8Pa gen pawòl mechanste moun ap di pou li pa tande.

Tout jan, yo p'ap chape anba jistis Bondye k'ap fè yo peye bouch yo.

9L'ap chache konnen lide ki dèyè tèt moun ki p'ap sèvi Bondye yo.

Pawòl nan bouch yo ap rive jouk nan zòrèy Granmèt la,

pou yo ka resevwa chatiman yo merite pou mechanste y'ap fè yo.

10Bondye gen zòrèy fen, li tande tout bagay.

Pa gen chwichwi yonn ap fè nan zòrèy lòt li pa tande.

11Konsa, pa mache plenyen pou gremesi.

Kenbe lang nou pou move pawòl pa sòti nan bouch nou.

Tout jan, n'ap peye pawòl nou di anbachal.

Bouch k'ap bay manti ap touye nanm mèt li.

Se pa Bondye ki fè lanmò

12Pa fè sa ki mal pou ou pa rale lanmò sou ou.

Pa fè anyen ki pou lakòz malè fini avè ou.

13Paske se pa Bondye ki fè lanmò.

Sa pa fè l plezi pou li wè sa ki vivan mouri!

14Li kreye tout bagay pou yo ka toujou la.

Tou sa li kreye nan linivè a bon.

Pa gen pwazon lanmò nan kò yo.

Chèf k'ap gouvènen peyi kote mò yo ye a pa gen pouvwa sou latè,

15paske jistis Bondye a la pou tout tan.

16Moun ki p'ap sèvi Bondye yo ap rale lanmò sou yo ak sa y'ap fè ansanm ak sa y'ap di.

Yo pran l pou bon zanmi yo, yo pa ka viv san li.

Yo pase kontra avè l. Konsa, yo merite al jwenn li kote li ye a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help