1 Makabe 2 - 1998 Haitian Creole

Matatyas sòti pou li kenbe pye Bondye fèm. Li deklare lagè nan non Bondye

1Se nan menm epòk sa a yon nonm yo te rele Matatyas kite lavil Jerizalèm, l'al rete lavil Moden. Se te pitit Jan, pitit pitit Simeyon, yon prèt nan fanmi Jojarib la.

2Li te gen senk pitit gason: Jan yo te bay yon tinon Gadi,

3Simon yo te rele Tasi,

4Jida yo te rele Makabe,

5Eleaza, yo te rele Avaran ak Jonatan yo te rele Afous.

6Lè Matatyas wè tout peche moun pèp Izrayèl yo t'ap fè nan peyi Jide ak lavil Jerizalèm,

7mesye di byen fò:

— Ala yon malè pou mwen en! Kifè la a, mwen te fèt yon lè pou m te ka wè ak je mwen jan y'ap fini ak pèp mwen an ansanm ak lavil ki apa pou Granmèt la, pou m te rete chita bra kwaze ap gade antan y'ap lage lavil la nan men moun ki pa vle wè l yo, ak tanp Granmèt la nan men moun lòt nasyon yo!

8Tanp lan tankou yon moun ki pèdi respè li.

9Lènmi pran tout bèl bagay ki te anndan l yo, yo pote yo ale nan peyi pa yo.

Yo touye tout timoun piti li yo, yo koupe gòj yo sou plas piblik yo.

Lènmi touye tout jenngason li yo ak nepe nan lagè.

10Pa gen nasyon sou latè ki pa vin pran pa yo nan pouvwa wa li yo,

pa gen yonn ladan yo ki pa pase men yo pran nan sa ki pou li yo.

11Yo vòlò tout bèl òneman ki te nan lavil la.

Lavil la pa granmoun tèt li ankò, li tounen esklav.

12Gade jan kay nou mete apa pou Granmèt la, sa ki te fè tout bèlte nou an, ak tout lògèy nou an rete vid san anyen ladan l non!

Gade jan moun lòt nasyon yo ap derespekte l!

13Sa m bezwen viv fè ankò?

14Matatyas ak pitit gason l yo te nan gwo lapenn, yo chire rad sou yo, yo mete rad sak, yo t'ap rele, yo t'ap plenn sò yo.

15Lè sa a, moun wa a te voye pou fòse jwif yo rejete relijyon yo a rive lavil Moden pou egzije moun yo ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye.

16Anpil nan moun pèp Izrayèl yo al jwenn yo, men Matatyas ak pitit gason l yo rete sou kote.

17Moun wa a te voye yo di Matatyas konsa:

— Ou se yon notab tout moun respekte, yon grannèg nan lavil la. Ou gen pitit gason ak prèt nan fanmi ou ki kanpe avè ou.

18Se ou menm premye moun isit la ki pou vanse vin fè sa wa a bay lòd fè a, jan moun lòt nasyon yo fè l la, ansanm ak moun peyi Jide yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Konsa, ou menm ansanm ak tout pitit gason ou yo, nou va fè pati gwoup moun ki zanmi wa a. Y'a fè nou kado anpil bagay fèt an lò ak an ajan ansanm ak yon pakèt lòt bagay. Sa va yon lwanj pou nou!

19Men, Matatyas pale byen fò pou reponn li, li di l konsa:

— Ou te mèt wè tout nasyon ki anba baton kòmandman wa a obeyi wa a pou yo vire do bay relijyon zansèt yo a, pou yo konfòme yo ak lòd li bay yo,

20mwen menm, pitit gason m yo ak frè m yo, n'ap kenbe kontra Bondye te pase ak zansèt nou yo fèm.

21Nou mande Bondye pou l fè nou favè pou nou pa janm vire do bay Lalwa li ak tout kòmandman l yo.

22Nou menm nou p'ap obeyi lòd wa a, ni nou p'ap chanje anyen nan relijyon nou an.

23Fini Matatyas fin di sa, yon jwif vanse devan tout moun bò lotèl yo te mete lavil Moden an pou l te ofri bèt pou yo touye pou zidòl yo, jan wa a te mande l la.

24Lè Matatyas wè sa, li estonmake, yon sèl endinyasyon pran l, tout zantray li yo pran bouyi. Li fè yon sèl kòlè, epi, jan Lalwa a mande l la, li kouri sou nonm lan, li touye l tèt kale sou lotèl la.

25Latou, li touye moun wa a te voye pou fòse moun yo ofri bèt pou yo touye pou zidòl yo. Lèfini, li kraze lotèl la.

26Devouman li te genyen pou Lalwa Moyiz la te tankou devouman Fineas la ki te leve dèyè Zimri, pitit Salou a.

27Matatyas pran mache nan tout lavil la, li t'ap di byen fò:

— Se pou tout moun ki gen devouman pou Lalwa a, epi ki sòti pou kenbe kontra Bondye a swiv mwen!

28Se konsa, li kouri pran mòn pou li ansanm ak pitit gason l yo, yo kite tou sa yo te genyen lavil la.

29Anpil nan moun pèp Izrayèl yo ki te sòti pou mache dwat dapre Lalwa a te desann al tabli nan dezè a,

30yo menm ansanm ak pitit gason yo, madanm yo ak bèt yo paske yon sèl gwo malè t'ap peze lou sou do yo.

31Y'al fè moun wa a te voye yo ansanm ganizon lame ki t'ap viv lavil Jerizalèm nan lavil David la, konnen jan moun ki te derefize obeyi lòd wa a te desann al kache kò yo nan twou nan dezè a.

32Yon gwo lame sòti al rapousib yo jouk yo jwenn yo. Yo moute kan yo anfas moun yo, yo t'ap pare pou yo atake yo gwo jou repo a.

33Yo t'ap di yo konsa:

— Sa kont kounyeya! Vini non! Fè sa wa a bay lòd fè a. Konsa nou p'ap touye nou.

34Jwif yo reponn yo:

— Nou p'ap vini. Nou p'ap fè sa wa a bay lòd fè a. Nou p'ap derespekte jou repo a.

35Lamenm sòlda yo atake jwif yo.

36Men jwif yo pa fè anyen pou kenbe tèt ak yo. Yo pa voye wòch, ni yo pa barikade bouch twou kote yo te kache yo.

37Yo t'ap di:

— Nou tout n'ap mouri ak konsyans nou san repwòch devan Bondye. Syèl la ak latè a ap sèvi nou temwen se lenjistis n'ap fè la a lè nou touye nou konsa.

38Se konsa, gwo jou repo a, lame a atake yo, li touye tout mesye yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak bèt gadinay yo. Lè sa a te gen mil (l000) moun ki mouri.

39Lè Matatyas ak zanmi l yo vin konn sa, yo kriye anpil pou moun yo te touye yo.

40Epi yonn di lòt:

— Si nou tout nou fè tankou frè nou yo, si nou derefize goumen ak moun lòt nasyon yo pou defann lavi nou ak relijyon nou an, talè konsa moun sa yo ap fin disparèt nou nèt sou latè.

41Depi jou sa a yo pran desizyon si yon moun ta vin atake yo gwo jou repo a, y'ap kanpe pou goumen avè l pou yo pa mouri jan lòt jwif parèy yo te mouri nan twou kachèt yo.

42Lè sa a, yon gwoup jwif ki te rele Asideyen al mete tèt yo ansanm ak Matatyas ansanm ak zanmi l yo. Se te yon bann vanyan gason nan moun pèp Izrayèl yo ki te ofri tèt yo pou pran defans Lalwa a.

43Tout moun ki t'ap kouri chape anba pèsekisyon yo vin jwenn yo tou pou ba yo plis fòs.

44Se konsa yo vin gen yon lame byen òganize. Nan kòlè yo, yo touye jwif ki t'ap fè sa ki mal yo, jwif ki te vire do bay Lalwa a. Sa ki te chape anba men yo te blije al kache nan peyi moun lòt nasyon yo.

45Matatyas ak zanmi l yo mache toupatou ap kraze lotèl zidòl yo,

46lèfini yo sikonsi pa fòs tout tigason yo jwenn nan peyi Izrayèl la ki pat kò sikonsi.

47Yo mete moun lòt nasyon ki t'ap fè awogans yo deyò. Se konsa tout bagay te mache byen pou yo.

48Yo sove Lalwa Moyiz la anba men moun lòt nasyon yo ak anba men wa yo. Yo kraze pouvwa mechan an.

Matatyas mouri

49Men, lè pou Matatyas mouri a t'ap pwoche. Li rele pitit li yo, li di yo konsa:

— Aa, pitit mwen yo, tan an move kounyeya. Deyò a se renk moun k'ap fè awogans, moun ki sòti pou fè malè sou nou. Tout bagay tèt anba. Bondye pral fè gwo kòlè.

50Pitit mwen yo, se pou nou cho pou defann Lalwa a. Se pou nou pare pou n mouri pou pran defans Kontra Bondye te pase ak zansèt nou yo.

51Chonje sa zansèt nou yo te fè nan tan pa yo!

Si nou fè tankou yo, se va yon gwo lwanj pou nou, yo p'ap janm bliye non nou.

52Chonje Abraram ki te kenbe konfyans li fèm nan Bondye lè Bondye tap sonde l la!

Sa te kont pou Bondye fè l gras.

53Lè Jozèf te anba tray, li te toujou fè sa Lalwa a mande.

Se konsa li vin gwo chèf ki gouvènen peyi Lejip.

54Fineas, zansèt fanmi nou an, paske li pa te ka sipòte wè moun vire do bay Bondye,

Bondye siyen yon kontra avè l pou fanmi l sèvi l prèt pou tout tan.

55Chonje Jozye! Paske li te fè sa Moyiz te voye l al fè a,

li vin gwo chèf nan peyi Izrayèl.

56Chonje Kalèb! Paske li te kanpe nan mitan pèp la pou bay yon rapò ki vre,

Bondye ba li yon pòsyon tè ki rele l pa l nan peyi a.

57Chonje David ki pa te janm vire do bay Bondye!

Bondye fè l wa ak pwomès ap toujou gen yon moun nan fanmi l kap wa jouk sa kaba.

58Chonje Eli! Paske li te cho anpil pou defann Lalwa a,

Bondye fè l moute nan syèl la tou vivan.

59Chonje Ananya, Azarya ak Michayèl! Paske yo te gen konfyans,

Bondye te delivre yo nan dife a.

60Chonje Danyèl! Paske li te mache dwat,

Bondye te kanpe la avè l anba bouch lyon yo.

61Konsa konsa, nan chak jenerasyon, konsidere jan moun ki te mete espwa yo nan Bondye

pa te janm manke fòs.

62Nou pa bezwen pè mechan k'ap kraponnen nou an.

Atout li gen pouvwa, li gen pou l mouri, li gen pou l pouri, pou vè manje kadav li.

63Jòdi a tout moun ap di jan li gen pouvwa.

Denmen w'a chache l, ou p'ap wè l ankò,

paske l'ap tounen nan pousyè kote li te sòti a.

Tout plan li gen nan tèt li yo pral disparèt tou.

64Pitit mwen yo, mete gason sou nou! Kenbe pye Lalwa a fèm! Pa lage!

Paske, gremesi Lalwa a, moun va fè anpil anpil lwanj pou nou.

65Men Simon, frè nou an. Se yon nonm ki gen bon konprann.

Toujou koute konsèy l'ap ban nou. La sèvi nou papa.

66Jida Makabe, se yon vanyan gason depi lè li te jenngason.

Se li menm ki va chèf kòmandan lame nou an.

Se li menm ki va mennen lame a goumen ak moun lòt nasyon yo.

67Fè tout moun ki vle mache jan Lalwa Moyiz la mande l la vin mete tèt ansanm ak nou

pou nou ka pran revanj nou sou moun k'ap kraze pèp nou an.

68Se pou nou fè moun lòt nasyon yo peye tou sa yo te fè nou.

Kenbe prensip Lalwa yo fèm.

69Apre Matatyas fin di yo sa, li beni yo epi li mouri.

70Se te nan lanne sankarannsis (146). Yo antere l nan tonm fanmi li lavil Moden. Tout pèp Izrayèl la t'ap kriye, yo te pran gwo lapenn pou li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help