1Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo
9Lè Rit 1.2,4,5 sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a:
— Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m dwa achte nan men Nawomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l yo, Maklon ak Kiljon.
10An Rit 4.5 menm tan tou, yo ban m dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi nonplis nan lavil la. N'a sèvi m temwen pou sa ki rive jòdi a.
11Chèf Jen 29.31—30.24; 35.16-19 yo ak lòt moun yo di l:
— Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Senyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.
12Se Jen 38.29; Rit 4.18; 1 Sam 2.20; 1 Kwo 2.4; Mat 1.3 pou pitit Senyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè lonè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l pou fanmi l.
Bòz ak pitit pitit li yo13Se Jen 29.31; 33.5 konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Senyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason.
14Medam Rit 2.20; Lik 1.58 lavil yo di Nawomi konsa:
— Lwanj pou Senyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l nan peyi Izrayèl la.
15Bèlfi 1 Sam 1.8 ou la gentan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Kounyeya, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou.
16Nawomi pran ti bebe a, li kenbe l lakay li, li pran swen li tankou pitit li.
17Medam 1 Sam 16.1; Lik 1.59 yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason.
Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.
Zansèt David yo18Men 1 Kwo 2.4-15; Mat 1.3-6; Lik 3.31-33 non zansèt David yo depi Perèz: Perèz te papa Ezwon,
19Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad,
20Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon,
21Salmon te papa Bòz. Bòz te papa Obèd,
22Obèd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.