Jozye 19 - 1998 Haitian Creole

Pòsyon tè fanmi Simeyon an

1Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.

29Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l'al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib,

30Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.

31Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Asè yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.

Pòsyon tè fanmi Neftali a

32Se pou moun branch fanmi Neftali yo sizyèm pòsyon tè a vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.

33Limit la sòti lavil Elèf, bò pye chenn Sanannim lan, li pase Adami-Nekèd, Jabneyèl jouk li rive Lakoum, pou l al bout sou larivyè Jouden an.

34Sou bò solèy kouche, limit la vire sou Aznòt-Tabò. Lè l sòti la, l'al Oukòk, li pase sou limit tè moun Zabilon yo bò nan sid, sou baliz tè moun Asè yo sou bò lwès. Sou bò lès, li pase sou limit tè moun Jida yo kote li lonje larivyè Jouden an.

35Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt,

36Adama, Joz 11.1; Jij 4.2 Rama, Asò,

37Kadès, Edreyi, An-Asò,

38Jireyon, Migdalèl, Orèm, Bèt-Anat, Bèt-Chemèch. Sa te fè antou disnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.

39Men tout lavil ansanm ak tout ti bouk sou lòd yo ki te nan pòsyon tè yo bay moun Neftali yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.

Pòsyon tè fanmi Dann lan

40Se pou moun branch fanmi Dann yo setyèm pòsyon tè a te vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.

41Men lavil yo te jwenn nan pòsyon tè pa yo a: Se te Soreya, Echtawòl, Ichemèch,

42Chalabin, Jij 1.35 Ajalon, Jitla,

43Elon, Jij 14.1; Tra 9.36,43 Timnata, Ekwon,

44Eltekè, Gibeton, Baalat,

45Jewoud, Bene-Berak, Gat-Rimon,

46Mejakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope.

47Men, Jij 1.34,35; 18.1,27-31 moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l. Epi yo chanje non l. Yo pa rele l Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l Dann.

48Men pòsyon tè ansanm ak tout lavil ak ti bouk ki te sou lòd yo, ki te vin pou moun branch fanmi Dann yo pou yo te separe bay chak fanmi pa yo.

Pòsyon tè Jozye a

49Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l pa l.

50Jan Joz 24.30; Jij 2.9 Senyè a te ba yo lòd la, yo ba li lavil li te mande a: Timnat-Sera nan mòn Efrayim. Li rebati lavil la epi li rete ladan l.

51Men Joz 14.1; 18.1 divès pòsyon tè Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf fanmi yo te separe bay branch fanmi pèp Izrayèl la, devan Senyè a, nan papòt Tant Randevou a, apre yo te fin tire osò. Se konsa yo te fin separe peyi a nèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help