1Salomon te bati yon palè pou li menm te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt.
6Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l avèk gwo poto ak dòmant.
7Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fòtèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.
8Kay Li mete yo kanpe devan Tanp lan.
16Apre sa, li fè fè blòk kwiv tou pou ale sou tèt poto yo. Yo chak te mezire sèt pye edmi wotè.
17Li dekore wonn tèt poto yo ak desen ti chenn makònen yonn ak lòt. Te gen sèt desen konsa pou chak tèt poto.
18Li mete de ranje grenad an kwiv anwo ak anba desen ti chenn lan sou tout wonn chak tèt poto yo.
19Tèt poto ki nan gwo lakou devan an te gen fòm yon flè choublak. Yo chak te gen sis pye wotè.
20Sou epi sou bò gòch la Fòs Bondye.
22Sou tèt chak poto te gen yon blòk an fòm yon flè. Se konsa Iram fini ak travay poto yo.
Gwo basin kwiv la(2 Kwonik 4.1—5.1)23Apre 2 Kwo 4.2-5 sa, 2 Wa 16.17; 1 Kwo 18.8; Jer 52.17 Iram fè yon gwo basen tou won ak kwiv. Li mezire kenz pye lajè anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.
24Sou tout wonn basin lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basin lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basin lan.
25Basin Jer 52.20 lan te chita sou do douz towo bèf fèt ak kwiv. Fas towo yo, tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basin nan.
26Rebò basin lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basin lan te ka kenbe dimil galon konsa.
Kabwa kwiv yo27Iram 2 Wa 25.13; 2 Kwo 4.14; Jer 52.17 te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè.
28Yo te fèt ak ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman.
29Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti.
30Chak kabwèt te gen kat wou ak lesye fèt ak kwiv. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basin lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò.
31Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basin yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l. Pati anwo kabwa a te kare, li pat won.
32Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a.
33Wou yo te tankou cha lagè. Pin yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt ak kwiv tou.
34Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a.
35Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a.
36Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan.
37Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè.
38Iram te fè dis basin tou, yonn pou chak kabwa. Chak basin te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa.
39Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basin kwiv la menm, li mete l sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.
Lis bagay Tanp lan(2 Kwonik 4.11; 5.1)40Iram 2 Kwo 4.11—5.1 te Egz 27.3; 38.3 fè plato pou sann, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l fè pou Tanp Senyè a.
41Men 1 Wa 7.17,18 sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo,
42katsan 1 Wa 7.20 pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ti chenn ki fè wonn tèt poto yo,
43dis kabwa yo, dis basin ki pou ale sou kabwa yo,
44yon 1 Wa 7.23,25 gwo basin tou won pou dlo, douz towo bèf pou soutni gwo basin lan,
45plato pou sann yo, pèl yo ak kivèt yo.
Tout sa Iram te fè pou Tant Senyè a te fèt ak kwiv poli, dapre lòd li te resevwa nan men Salomon.
46Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon larivyè Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan.
47Te sitèlman gen anpil bagay fèt ak kwiv, Salomon pa te chache konnen pèz yo.
48Salomon Egz 25.30; 37.10-16,25-29; Lev 24.5-8 te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan ak lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,
49dis Egz 25.31-38 lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Senyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo,
50gode Egz 27.3 yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Senyè a, ak gon pou lòt pòt Tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.
51Lè 2 Sam 8.11 wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Senyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l, te ofri bay Senyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.