1(1b) Senyè, ou sonde m, ou konnen ki moun mwen ye.
2Ou 2 Wa 19.27; Lam 3.63; Mat 9.4; Jan 2.24,25 konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe.
Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
3Mwen Jòb 31.4 te mèt ap mache, mwen te mèt kouche,
ou wè m, ou konnen tou sa m'ap fè.
4Mwen Eb 4.13 poko menm louvri bouch mwen,
ou gentan konnen tou sa mwen pral di.
5Kote m vire, ou la bò kote m,
w'ap pwoteje m ak pouvwa ou.
6Konesans Jòb 42.3; Wòm 11.33 ou genyen yo twòp pou mwen.
Yo depase m, mwen pa konprann yo.
7Ki Jer 23.24; Jo 1.3 bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak ou?
Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou?
8Si m Jòb 26.6; Pwo 15.11; Am 9.2 moute nan syèl la, se la ou ye.
Si m desann kote mò yo ye a, ou la tou.
9Si m vole ale bò kote solèy leve,
osinon si m al rete bò lòt bò lanmè,
10la Sòm 23.3 ankò, w'ap toujou la pou mennen m,
w'ap la pou pwoteje m.
11Si Jòb 22.13,14 mwen di: — Bon! M pral kache nan fènwa a.
M pral rete kote tout limyè mouri.
12Fènwa Jòb 34.22; Da 2.22 pa fè nwa pou ou.
Lannwit klere kou lajounen pou ou.
Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.
13Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m,
se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.
14M'ap Jòb 5.9 fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay.
Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
15Ou Jòb 10.8-11 te konnen tout zo nan kò m,
depi lè m t'ap fòme kote moun pat ka wè a,
depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.
16Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou.
Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
17Bondye, Sòm 92.5 sa ki nan tèt ou twò difisil pou m konprann,
lèfini yo anpil!
18Si m Sòm 40.5 ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè.
Si m ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
19Bondye, Sòm 6.8; Eza 11.4 si ou ta vle touye mechan yo!
Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m an repo!
20Yo Egz 20.7; Jid 15 anbachal! Y'ap revòlte kont ou.
Y'ap pale ou mal.
21Senyè, Sòm 26.5 kouman ou ta vle pou m pa rayi moun ki rayi ou yo!
Kouman ou ta vle pou m pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?
22Mwen pa manke rayi yo.
Mwen konsidere yo tankou lènmi m.
23Sonde m, Sòm 26.2; Jer 17.10 Bondye! Wè tou sa ki nan kè m!
Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!
24Gade wè si m sou yon move chemen.
Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.