1 Makabe 12 - 1998 Haitian Creole

Jonatan pase kontra ak chèf lavil Wòm yo ansanm ak chèf lavil Espat yo

1Lè Jonatan wè okazyon an te bon pou li, li chwazi kèk moun epi li voye yo lavil Wòm pou yo rafrechi ansyen kontra zanmitay jwif yo te siyen ak moun lavil Wòm yo, epi pou yo rekonèt obligasyon kontra a.

2Se pou menm rezon sa a tou li te voye lèt bay moun lavil Espat yo ak moun lòt kote.

3Delege Jonatan yo pati pou lavil Wòm, yo parèt devan Senatè yo epi yo di konsa:

— Se Jonatan, granprèt la, ansanm ak nasyon jwif yo ki voye nou rafrechi ansyen kontra zanmitay ak tètansanm nou te pase yonn ak lòt la, epi pou nou rekonèt kondisyon kontra a jan sa te fèt anvan an.

4Se konsa, moun lavil Wòm yo ba yo lèt lese pase pou chèf tout peyi kote yo gen pou yo pase. Nan lèt sa yo, yo mande otorite yo pou yo kite delege yo fè vwayaj yo san chache yo kont jouk yo rive nan peyi Jide a.

5Men kopi lèt Jonatan te voye bay moun lavil Espat yo:

6— Jonatan, granprèt yo, senatè nasyon jwif yo, ansanm ak tout prèt yo ak rès pèp jwif yo voye gwo bonjou pou moun lavil Espat yo ki frè yo.

7Gen kèk tan ki pase depi Ariyès, ki te wa Espat la lè sa a, te ekri yon lèt voye bay Oniyas, granprèt la, kote li rekonèt se fanmi nou ye. N'a jwenn kopi lèt sa a pi ba.

8Oniyas te resevwa moun Ariyès te voye a tankou yon grannèg, epi li asepte lèt la kote li te bay kondisyon kontra n'ap siyen an pou nou viv nan tètansanm yonn ak lòt tankou bon zanmi.

9Atout nou menm nou pa bezwen siyen papye konsa paske tout konkou nou bezwen se nan Liv Bondye nou gen nan men nou an n'ap chache l,

10tout jan nou deside voye yon delegasyon pou rafrechi kondisyon zanmi ak frè ak frè ki mare nou yonn ak lòt la, pou nou pa tounen etranje yonn pou lòt, paske gen anpil lanne ki gentan pase depi Ariyès te voye premye lèt li a.

11Nou menm bò pa nou, nou pa janm kite yon okazyon pase, se tout tan n'ap nonmen non nou lè gwo fèt yo, lè lòt jou fèt yo lè n'ap fè ofrann bèt pou touye pou Bondye, ak lè n'ap lapriyè nan pye l, jan se devwa, jan sa bon pou moun chonje fanmi yo lè konsa.

12Nou kontan lè nou tande jan y'ap nonmen non nou.

13Nou menm bò pa nou, kote nou vire se te tribilasyon ak lagè. Tout wa ki vwazen nou yo t'ap fè nou lagè.

14Pandan tout lagè sa yo nou pa te tounen yon chay ni pou nou, ni pou zanmi nou yo, ni pou moun ki kanpe ak nou yo,

15paske se nan syèl la sekou ki pou delivre nou an sòti. Se konsa, Bondye rache nou anba men lènmi nou yo, li fè yo tout wont.

16Nou chwazi Noumenyous, pitit Antyokis, ak Antipatè, pitit Jason, nou voye yo lavil Wòm pou yo rafrechi ansyen kontra zanmitay ak angajman pou nou kanpe yonn ak lòt ki te mare nou ak moun sa yo depi kèk tan.

17Nou mande delege nou yo pou yo pase lakay nou tou lavil Espat, pou di nou bonjou, epi pou yo renmèt nou lèt kote nou rafrechi kondisyon kontra frè ak frè ki mare nou yonn ak lòt la.

18Atòkile, nou mande nou, tanpri, voye repons lèt sa a ban nou.

19Men kopi lèt yo te voye bay Oniyas la:

20— Ariyès, wa moun lavil Espat yo, voye gwo bonjou pou Oniyas, granprèt la.

21Yo jwenn yon dokiman kote yo di moun Espat yo ak moun jwif yo se bon fanmi yo ye. Yo tou de sòti nan menm ras Abraram lan.

22Kounyeya nou vin konn sa, nou ta renmen ou ekri m pou fè m konnen jan sa ap mache pou nou.

23Pou bò pa m, mwen voye di ou tout bann mouton ak tout byen pèp mwen an se pou ou yo ye, menm jan tou sa ki pou ou yo se pou mwen yo ye. Pou fini, mwen bay lòd pou yo ba ou mesay sa a.

Jonatan nan lagè toujou ak Demetriyis

24Jonatan pran nouvèl chèf lame Demetriyis yo te vin atake l ak yon lame pi gwo pase lame anvan an.

25Li kite lavil Jerizalèm, li mache kontre ak yo nan zòn Amat. Li pa ba yo chans mete pwent pye yo nan peyi l la.

26Li voye espyon nan kan yo. Lè espyon yo tounen, yo fè l konnen mesye yo t'ap pare pou yo atake l menm jou lannuit sa a.

27Lè solèy kouche, Jonatan bay sòlda li yo lòd pou yo pa dòmi, pou yo gen zam yo toupre yo pandan tout lannuit lan, tou pare pou yo goumen. Lèfini, li mete santinèl fè wonn kan an.

28Lè lènmi yo vin konnen Jonatan ak sòlda l yo te pare pou goumen, yo vin pè. Yo pèdi kouray yo, yo limen dife tankou moun k'ap fè vèy nan tout kan an, epi yo fofile kò yo ale.

29Jonatan ak sòlda yo wè dife yo ap boule nan tout kan an. Men, se jouk nan maten yo vin konprann sa ki te pase.

30Lè sa a Jonatan pati dèyè moun Demetriyis yo, men li pa te ka rapousib yo, paske yo te gentan janbe lòt bò larivyè Eletè.

31Se konsa Jonatan vire sou yon branch fanmi arab yo rele Zabadeyen, li bat yo byen bat, epi li piye tou sa yo genyen.

32Apre sa, li leve kan an, li pati, li rive lavil Damas, li mache nan tout peyi a.

33Simon menm bò pa li te pati tou, li mache rive jouk lavil Askalon ak nan fò ki bò kote l yo. Apre sa, li vire sou lavil Jope, li antre pran l,

34paske li te vin konnen moun lavil Jope yo te fè lide renmèt lavil la nan men patizan Demetriyis yo. Konsa, anvan yo fè sa, li pran lavil la pou li epi li mete yon ganizon sòlda pa l pou defann li.

35Lè Jonatan tounen, li reyini gran konsèy chèf fanmi pèp la, epi li deside ansanm ak yo pou li bati fò nan peyi Jide,

36pou li wose miray ranpa lavil Jerizalèm yo, pou li moute yon mi pou separe sitadèl la ak rès lavil la, pou sitadèl la rete pou kont li, konsa sòlda k'ap fè pòs ladan l yo p'ap ka ni achte ni vann anyen.

37Moun yo reyini vre pou yo konmanse travay rebati lavil la. Yon bèl pòsyon nan miray ranpa ki bay sou ravin bò solèy leve a te tonbe. Yo repare zòn yo rele Kafenata a tou, yo mete l nèf.

38Simon bò pa li rebati lavil Adiba nan plenn bò lanmè a, li ba li miray ranpa, li mete pòtay ak ba fèmen yo.

Jonatan pran nan pèlen

39Lè sa a, Trifon vin gen lanbisyon pou li moute wa peyi Lazi. Li te fè lide touye wa a pou l te ka mete kouwòn lan sou pwòp tèt pa l.

40Tansèlman, li te pè pou Jonatan pa vin fè li lagè pou pa kite l fè sa li te vle fè a. Se konsa li t'ap chache yon jan pou li mete men sou Jonatan pou touye l. Li leve, li pati, li rive lavil Bèt-Chean.

41Jonatan sòti vin fè faskare ak li. Li te gen yon lame karantmil (40.000) sòlda yo te chwazi pou disiplin yo. Li rive lavil Bèt-Chean tou.

42Lè Trifon wè gwosè lame ki te ak Jonatan an, li sòti pè, li pa atake l.

43Lekontrè, li resevwa l an grannèg, li prezante l bay tout zanmi l yo, li fè l kado anpil bagay, epi li pase zanmi l yo ak sòlda li yo lòd pou yo obeyi Jonatan tankou yo obeyi li li menm.

44Apre sa, li di Jonatan konsa:

— Poukisa ou bay moun yo tout traka sa yo si nou p'ap fè lagè yonn ak lòt?

45Kite yo al lakay yo. Sèlman w'ap chwazi de twa ladan yo pou akonpanyen ou, epi ann al avè m lavil Tolemayis. M'ap renmèt lavil la nan men ou ak tout lòt fò yo, ansanm ak tout rès sòlda yo ak chèf yo. Apre sa, m'ap tounen tounen m lakay mwen, paske se pou sa menm mwen te vini.

46Jonatan al kwè pawòl Trifon yo vre. Li fè sa li te di l fè a, li voye pifò nan sòlda li yo al lakay yo, yo tounen nan peyi Jide.

47Li kenbe twamil (3.000) sòlda ase avè l. Li pran demil (2.000) li kite nan peyi Galile, li fè lòt mil yo ale avè l.

48Men, antre Jonatan antre lavil Tolemayis, moun lavil yo fèmen pòtay yo dèyè l, yo mete men sou li epi yo touye tout moun ki te vin avè l yo.

49Trifon voye yon lame sòlda apye ak kavalye nan peyi Galile ak nan gwo laplenn lan avèk lòd pou yo touye tout patizan Jonatan yo.

50Men, patizan Jonatan yo vin konprann yo te fè Jonatan prizonye, lèfini yo te touye l ansanm ak tout moun ki te avè l yo. Yo yonn bay lòt kouray, yo kole zepòl ak zepòl, yo mache an fòmasyon tou pare pou yo goumen.

51Lè moun yo te voye dèyè yo a wè jan jwif yo te sòti pou yo goumen jouk yo mouri, yo vire do yo ale fè wout yo.

52Se konsa tout sòlda jwif yo rive san malè san danje nan peyi Jide. Yo kriye pou Jonatan ak moun ki te avè l yo, epi yo te pè anpil. Tout pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn.

53Moun lòt nasyon nan vwazinay yo te sòti kounyeya pou fini nèt ak jwif yo. Yonn t'ap di lòt konsa:

— Yo pa gen chèf, yo pa gen vanyan gason pou defann kòz yo. Se bon lè pou nou atake yo, pou nou disparèt yo, pou pa gen pèsonn pou chonje yo ankò sou latè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help