1(1b) Se pou Senyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li.
Se pou Senyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l.
2Li Sòm 136.6; Pwo 8.29 mete fondasyon tè a nan fon lanmè,
li fè l chita sou gwo larivyè yo.
3Ki Sòm 15.1-5 moun ki gendwa moute sou mòn ki pou Senyè a?
Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?
4Se Jòb 22.30; Sòm 73.1; 119.37; Mat 5.8 moun ki pa fè anyen ki mal,
moun ki pa gen move lide nan tèt yo.
Se moun ki pa nan bay manti,
moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
5Senyè a Jen 22.17,18; Sòm 27.9; 51.14; 88.1; Eza 46.13 va beni moun konsa.
Bondye k'ap delivre l la va fè l gras.
6Se Sòm 105.4 moun konsa ki pou chache Senyè a,
ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.
7Wete Sòm 118.19,20; 1 Kor 2.8 lento pòt yo!
Louvri batan pòt yo gran louvri
pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
8Kilès Egz 15.3 ki wa ki gen pouvwa sa a?
Se Senyè ki gen fòs ak kouray la,
li vanyan nan batay.
9Wete lento pòt yo!
Louvri batan pòt yo gran louvri
pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
10Kilès Mal 1.14 ki wa ki gen pouvwa sa a?
Se Senyè ki chèf lame zanj yo,
se li menm ki wa ki gen pouvwa a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.