Chirasid (Eklezyastik) - 1998 Haitian Creole

(Eklezyastik)Se nan dezyèm syèk anvan Jezikri a yon nonm yo te rele Jezi, pitit Eleaza ak pitit pitit Chira (osinon Chirak) te ekri liv sa a nan lang ebre. Bò lanne santrannde (132) anvan Jezikri, yon pitit pitit Jezi sa a mete liv la nan lang grèk la antan li te nan peyi Lejip, jan li di sa nan premye koze a. Se pou sa gen moun ki rele liv la Chirasid osinon Bon Konprann Chira a.Nou ka mete liv sa a nan menm makonn ak liv Pwovèb yo ansanm ak anpil lòt pòsyon Labib la. Li ekri menm jan ak yo, lèfini kòzman nou jwenn ladan l yo sanble anpil ak kòzman nou jwenn nan lòt liv sa yo. Li pale sou anpil koze konsekan pou jwif yo, li bay anpil ti konsèy pou ede yo nan divès sitirasyon kote lavi ka mennen yo. Pou moun ki ekri liv la, pa gen bon konprann pase bon konprann Bondye bay pèp jwif la, bon konprann ki koresponn ak lalwa Moyiz la.Pifò liv la se yon kòzman moun lan ekri apre tout kalkil li fè sou sa moun dwe fè pou yo mache dwat nan lavi, sou jan moun gen pou peye pou sa yo fè, sou jan pou moun fè sèvis pou Bondye, ak sou jan Bon konprann Bondye a parèt aklè nan tou sa li fè. Apre sa, mesye fè yon bèl rale sou jan bèl pouvwa Bondye a parèt aklè nan tou sa li fè. Lè l fini, li bay yon bèl kòzman sou chak zansèt pèp Izrayèl yo ki te fè travay yo byen nan tan pa yo.Nan rès liv la nou jwenn lòt ti koze sou divès bagay ak yon dènye kòzman pou fèmen liv la ansanm ak lòt pawòl yo mete sou li.Nou poko janm jwenn tout liv la nan lang ebre a. Se twaka ase nan liv la ki rive jwenn nou nan lang ebre a. Kifè, se gremesi travay moun ki te mete liv la nan lang grèk la ak nan lòt lang tan lontan yo nou jwenn tout liv la nèt. Travay nou fè a chita plis sou sa nou jwenn nan liv ebre a, epi nou konplete l ak lòt vèsyon yo, espesyalman vèsyon grèk la. Lè sa nou jwenn nan tèks ebre a pa klè, nou sèvi ak sa nou jwenn nan tèks grèk la.Men sa ki nan liv la:Premye koze1- Bon Konprann fè moun konnen devwa yo, ak rekonpans k'ap tann yo, li ba yo bon konsèy 1.1—16.232- Bon Konprann Bondye a ak jan moun koresponn ak li 16.24—23.273- Bon Konprann ak bon kalite nou jwenn kay moun 24.1—32.134- Bon Konprann Bondye a ak travay lèzòm 32.14—42.145- Bèl pouvwa Bondye parèt aklè nan tou sa li kreye 42.15—43.336- Lwanj pou grandèt tan lontan yo 44.1—50.21Dènye koze ak yon diplis 50.22—51.30
Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help