Zakari 11 - 1998 Haitian Creole

Yo mete gwo chèf yo atè

1Ou menm peyi Liban, louvri pòtay peyi Bazan yo, rele, plenn sò nou!

Paske gwo rak plen bwa a kraze!

3Kote Jer 25.34 ou pase, ou tande chèf yo ap plenn!

Yo fini, yo pèdi pouvwa a yo.

Kote ou pase, ou tande jenn ti lyon yo ap plenn!

Yo koupe tout bèl rakbwa ki sou bò larivyè Jouden yo.

De gadò mouton yo

4Senyè a, Bondye mwen an, di m konsa:

— Ou pral swen mouton y'ap pare pou labatwa.

5Moun Eze 34.3; Oze 12.8 k'ap achte yo a ap touye yo. Pèsonn pa ka mande yo kont. Moun k'ap vann yo menm ap di: Lwanj pou Bondye! Gade jan nou rich non! Ata gadò mouton yo pa gen pitye pou yo.

6(Senyè a Jer 13.14 di: Mwen p'ap gen pitye pou moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm ki pral lage yo nan men pwòp chèf yo ak pwòp wa yo ankò. Chèf yo pral fini ak peyi a. Mwen p'ap fè anyen pou m wete yo anba men yo.)

7Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m pou m swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo.

8Gadò yo ban m degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pat vle wè m.

9Lè Jer 15.2 sa a, mwen di pèp la:

— Mwen p'ap swen nou ankò. Sa ki pou mouri mèt mouri! Sa ki pou disparèt mèt disparèt! Sa ki rete yo menm, yonn mèt manje lòt.

10Lèfini, mwen pran baton Favè a, mwen kase l de bout. Ki vle di, mwen kase kontra mwen menm, Senyè a, mwen te pase ak tout nasyon yo.

11Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m. Yo vin konprann sa m te fè a. Yo rekonèt se yon mesay Senyè a t'ap ba yo.

12Mwen Egz 21.32; Mat 26.15; 27.9,10 di yo:

— Si nou vle peye m, nou mèt peye m. Si nou pa vle tou, sa pa fè anyen.

Y'a l pran lajan an, yo peye m trant pyès an ajan pou sa m te fè a.

13Men, Senyè a di m konsa:

— Al bay lajan an pou yo mete l nan kès Tanp lan.

Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès Tanp lan.

14Apre sa, mwen kase dezyèm baton m lan, sa mwen te rele Tèt Ansanm lan, pou fè konnen pa gen tèt ansanm ankò ant moun Jida yo ak moun Izrayèl yo.

15Apre sa, Senyè a di m:

— Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen.

16Paske Eze 34.3,4; Jan 10.13 mwen pral mete yon gadò pou okipe bann mouton m yo. Men, lè yon mouton pèdi, se pa pou li sa. Si yonn egare, li pa pral chache l. Si yonn blese, li p'ap fè anyen pou geri l. Si yonn bouke, li p'ap fè anyen pou soutni l. Okontrè, l'ap manje sa ki pi gra yo, l'ap fann zago tout lòt yo.

17Madichon Jer 23.1 pou move gadò a!

Li kouri kite mouton yo pou kont yo.

Se pou lagè fini ak pouvwa l la.

Se pou bra l vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help