Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l!
3(4) Men Sòm 2.6; 77.1; 142.1 ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen.
W'ap fè m genyen batay la.
Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.
4(5) Mwen Sòm 4.8; Pwo 3.24 rele Senyè a ak tout fòs mwen.
Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
5(6) Mwen Sòm 27.3 kouche, mwen dòmi,
mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen.
6(7) Mwen Sòm 10.12; 58.6 pa pè tout kantite moun sa yo
ki sènen m toupatou.
7(8) Leve Sòm 37.39; Pwo 21.31; Jer 3.23; Jo 2.9 non, Senyè! Sove m non, Bondye mwen!
Ou bay tout lènmi m yo yon souflèt.
Ou kase dan mechan yo.
8(9) Se ou menm sèl, Senyè, ki ka sove nou.
Beni tout pèp ou a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.