Jòb 16 - 1998 Haitian Creole

Dezyèm repons Jòb bay Elifaz

1Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:

2— Mwen Kounyeya, Bondye, se fini ou fini avè m.

Ou kite yo touye tout fanmi m.

8Ou Rit 1.21; Jòb 10.17; Sòm 109.24 mete men sou mwen, ou pa vle wè m ankò.

Mwen tounen zo ak po.

Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m.

9Nan Jòb 18.4; 30.21; Sòm 35.16; Lam 2.16; Oze 6.1; Tra 7.5 kòlè li, Bondye ap dechire m moso pa moso.

L'ap devore m anba dan l.

L'ap louvri je l sou mwen, li pa vle wè m!

10Moun 1 Wa 22.24; Sòm 3.7; 22.13; 35.15; Lam 3.30; Tra 23.2 prèt pou manje m.

Yo kouri sou mwen,

y'ap joure m, y'ap touye m anba souflèt.

11Bondye lage m nan men mechan yo.

Li jete m anba grif san manman yo.

12Mwen Jòb 7.20 t'ap viv tou dousman, li bouskile m.

Li pran m dèyè nwa kou, li kraze m, li fè m tounen jwèt li.

13L'ap Jòb 6.4; 27.22; Lam 2.11 voye flèch li sou mwen kote m vire.

Li pèse tout kò m, li san pitye pou mwen,

li mete san m deyò.

14Kote mwen vire, se blese sou blese.

Li vare sou mwen kou sòlda vare sou lènmi nan lagè.

15Mwen Sòm 7.5; 75.10 fè rad sak mete sou mwen,

mwen woule kò m nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.

16Je m vin wouj afòs mwen kriye.

Tout anba je m gonfle vin tou nwa.

17Men, Eza 53.9 mwen konnen mwen pa fè okenn moun mechanste.

Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m.

18Ou Jen 4.10; Eza 26.21 menm latè, pa kache mizè mwen.

Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!

19Paske Sòm 89.37; Wòm 1.9 mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen,

gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.

20Zanmi m Jòb 12.5 yo ap pase m nan betiz,

men, m'ap kriye nan pye Bondye.

21Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a,

menm jan yon moun plede kòz zanmi l.

22M pa Jòb 10.21 lontan mouri.

Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help