Estè (Grèk) (dapre Ansyen Kontra grèk la) - 1998 Haitian Creole
(dapre Ansyen Kontra grèk la)Nan Ansyen Kontra grèk la, liv Estè a pi long pase menm liv la nan Ansyen Kontra ebre a. Atout se menm istwa a y'ap rakonte ladan yo, nou jwenn anpil detay nan liv grèk la yo pa bay nan liv ebre a. Lèfini, si nan liv ebre a yo pa janm nonmen non Bondye, nan liv grèk la menm nou jwenn non Bondye a nonmen anpil fwa, ansanm ak lapriyè yo fè nan pye l. Gen sis gwo mòso yo mete sou liv ebre a. Nou fè yo chak fè yon chapit apa. Nou sèvi ak gwo lèt pou make chapit ki pa nan liv ebre a. Men yo:— Rèv Madoche a: A.1-17, anvan chapit 1 an.— Kopi piblikasyon Aman an: B.1-7, ant vèsè 13 ak vèsè 14 chapit 3 a.— Lapriyè Madoche ansanm ak lapriyè Estè a: Ch.1-30, apre chapit 4 la.— Estè al bò kote wa a: De.1-16, anvan chapit 5 lan.— Lèt ki mete jwif yo kanpe ankò: E.1-24, ant vèsè 12 ak vèsè 13 chapit 8 lan.— Esplikasyon rèv Madoche te fè a: F.1-11, apre vèsè 3 chapit 10 la.Men plan liv la1- Estè marye ak wa a (A.1—2.22)2- Aman ap moute konplo sò do jwif yo (3.1—5.14)3- Wa a fè yo touye Aman (6.1—7.10)4- Jwif yo kraze tout lènmi yo (8.1—F.11)