Jan 8 - 1998 Haitian Creole

Fanm adiltè a

1Jezi menm ale mòn Olivye.

2Nan denmen maten,

Jezi se limyè pou tout moun

12Jezi

26Mwen sa li menm li te fè.

40Gade kounyeya, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa.

41Men Jen 3.15; Det 23.2 nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè.

Yo reponn li:

— Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye.

42Jezi 1 Jan 5.1 di yo:

— Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske se nan Bondye mwen soti. Se li menm ki voye mwen isit la. Mwen pa vini poukont mwen. Se li menm ki voye mwen.

43Poukisa Jan 12.39; Mat 12.34; Wòm 8.7 nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo.

44Se 1 Jan 3.8-10; Jen 3.4; 2 Pyè 2.4 satan ki papa nou. Se sa ki fè nou vle fè sa papa nou mande nou. Depi nan kòmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite paske pa gen verite menm nan li. Depi li louvri bouch li se manti l'ap bay. Paske se mantò li ye. Se li papa tout manti.

45Men Lik 22.67 mwen menm, paske mwen pale verite, nou pa vle kwè mwen.

46Kilès 2 Kor 5.21; 1 Pyè 2.22 nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?

47Tout Jan 18.37; 1 Jan 4.6 moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sa k fè nou pa vle koute.

Jezi ak Abraram

48Jwif Jan 7.20; Mak 3.21 yo reponn li:

— Nou te gen rezon lè n t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.

49Jezi di yo:

— Mwen pa gen okenn move lespri sou mwen. M'ap fè respè Papa mwen. Men nou menm, se derespekte n'ap derespekte mwen.

50Mwen Jan 5.41 p'ap chache lwanj pou tèt pa mwen. Gen yon moun k'ap chache l pou mwen. Se li menm tou k'ap jije nou.

51Sa Jan 5.24; 6.40,47; 11.25 m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l fè, li p'ap janm mouri.

52Jwif Mak 9.1 yo di li:

— Kounyeya, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m di l fè, li p'ap janm mouri.

53Abraram Jan 4.12 ki Abraram, zansèt nou, li mouri. Koulyeya, ou sanlè di nou ou pi gran pase Abraram! Pwofèt yo ki pwofèt yo, yo mouri. Atò sa ou konprann ou ye menm?

54Jezi reponn yo:

— Si m t'ap fè lwanj tèt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fè lwanj mwen se Papa m, moun nou pretann di ki Bondye nou an.

55Nou Jan 7.28 pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l epi m'ap fè tou sa li di m fè.

56Abraram papa nou te kontan, paske li te anvi wè jou m lan rive. Li wè li. Sa te fè kè l kontan nèt.

57Jwif yo di li:

— Ou poko gen senkantan, epi w'ap di ou te wè Abraram?

58Jezi reponn yo:

— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pat ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.

59Lè Jan 10.31 sa a, yo ranmase wòch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kò l yon kote epi li sòti nan tanp lan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help