Jak te ekri a - 1998 Haitian Creole

te ekri aLèt sa a te ekri pou tout pèp Bondye a ki gaye toupatou nan anpil peyi. Men gwo koze ki chita nan mitan lèt la: jan nou viv la, se sa ki fè moun wè ki kalite konfyans nou genyen. Si nou gen konfyans tout bon nan Bondye tout bon an nou blije viv jan Bondye vle l la. Si se pa sa, konfyans nou genyen an pa vo anyen, se pale mete la. Se poutèt sa, annou chache bon konprann ki sòti nan men Bondye a. Se va yon gwo konkou pou nou lè lavi ap manyen ak nou, lè l'ap sonde konfyans nou. Se sa ki va ede nou fè sa ki byen devan Bondye. Se sa ki rele sèvi Bondye.Apre sa nou jwenn koze sou moun pòv ak moun rich, sou eprèv lavi ak tantasyon, sou moun k'ap achte figi, sou moun ki gen lang, sou moun k'ap fè ti dife boule, sou moun ki konprann yo gendwa jije frè yo, sou moun k'ap fè grandizè. Pou fini, li mande patizan Kris yo pou yo gen pasyans, pou yo pa lage pye lapriyè yo.Men plan liv la1. Premye koze (1.1)2. Konfyans nan Bondye ak bon konprann (1.2-8)3. Moun pòv ak moun rich (1.9-11)4. Eprèv lavi ak tantasyon (1.12-18)5. Sèvi Bondye se fè sa ki byen (1.19-27)6. Pa fè patipri (2.1-13)7. Konfyans nan Bondye ak viv byen (2.14-26)8. Patizan Kris yo fèt pou veye lang yo (3)9. Patizan Kris yo ak moun ki pa kwè yo (4.1—5.6)10. Pawòl ankourajman (5.7-20)
Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help