Sòm 103 - 1998 Haitian Creole

SÒM 103 (102)Ann di Bondye mèsi(1a) Se Sòm 104.1 yon sòm David.

1(1b) Kite m di Senyè a mèsi!

Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

2Wi, Det 6.12 kite m di Senyè a mèsi.

Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.

3Li Egz 15.26; 34.7; Eza 33.24; Jer 17.14; Mak 2.5; Lik 7.47 padonnen tout peche m yo,

li geri tout maladi m yo.

4Li Sòm 56.13 wete m nan bouch twou a.

Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.

5Li Sòm 107.9; Eza 40.31 kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m,

li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.

6Senyè a Sòm 146.7 pa nan patipri.

Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.

7Li Egz 33.13; 34.10 fè Moyiz konnen sa l te gen nan tèt li,

li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.

8Senyè a Sòm 86.15 gen kè sansib, li gen bon kè.

Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.

9Li Eza 57.16; Jer 3.5,12; Mi 7.18 p'ap pase tout tan l ap pini nou,

li pa ankòlè pou lontan.

10Li Esd 9.13 pa aji ak nou jan nou ta merite l la,

li pa pini nou jan l ta dwe pini nou.

11Menm Sòm 117.2; Lik 1.50 jan syèl la byen lwen anwo tè a,

se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li.

12Menm Eza 38.17; Mi 7.19 jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a,

se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.

13Menm Mal 3.17 jan yon papa sansib pou pitit li,

se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.

14Li Jen 3.19; Sòm 78.39; Ekl 12.7 konnen ak kisa nou fèt,

li chonje se pousyè tè nou ye.

15Lèzòm Jòb 14.2; Sòm 90.5 menm, lavi yo tankou zèb.

Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.

16Kou Jòb 7.10; Eza 40.7 van soufle sou yo, yo disparèt.

Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a.

17Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo,

se bagay ki la pou tout tan.

L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,

18pou Det 7.9 moun ki kenbe pawòl yo ak li,

pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.

19Senyè a Sòm 47.2; 93.2; Da 4.17 mete fòtèy li anwo nan syèl la,

l'ap gouvènen tout bagay.

20Nou Sòm 148.2; Mat 6.10; Lik 2.13 menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs,

nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè,

nou menm k'ap koute sa l'ap di nou,

fè lwanj Senyè a!

21Nou Jen 32.2; Da 7.10; Eb 1.14 tout ki fè pati lame ki nan syèl la,

nou tout k'ap sèvi l, k'ap fè volonte li,

di Senyè a mèsi!

22Nou Sòm 103.1; 145.10 tout kreyati Bondye,

nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen,

di Senyè a mèsi!

Wi, kite m di Senyè a mèsi!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help