Jan 3 - 1998 Haitian Creole

Jezi ak Nikodèm

1Te gen yon nonm nan pati farizyen yo. Se te Nikodèm.

4Nikodèm di li:

— Kijan yon nonm ki fin granmoun ka rive fèt yon dezyèm fwa? Eske li ka retounen nan vant manman li pou li refèt ankò.

5Jezi

8Van Mak 4.41; Ekl 11.5 an soufle jan li vle. Ou tande bri li. Ou pa konn kote li soti ni kote li prale. Se menm jan an tou pou moun ki fèt nan Sentespri Bondye.

9Lè sa a Nikodèm di li:

— Ki jan sa ka fèt menm?

10Jezi reponn li:

— Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo?

11Anverite Jan 7.16; 8.26,28; 12.49 sa m'ap di ou la a se vre: Mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.

12Si Lik 22.67 nou pa kwè lè m'ap pale sou bagay isit sou latè, se pa bagay nan syèl nou ta ka konprann?

13Pèsonn Pwo 30.4; Ef 4.9 pa janm moute nan syèl la, esèpte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann sòti nan syèl la.

14— Menm Nonb 21.8,9 jan Moyiz te pandye byen wo nan dezè a, sèpan li te fè a, konsa tou fòk yo leve byen wo Moun Bondye voye nan lachè a.

15Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.

16Bondye Wòm 5.8; 8.32; 1 Jan 4.9 sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

17Bondye Jan 5.22; 12.47; Lik 19.10; Tra 17.31 pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.

18— Moun Jan 3.36; 5.24 ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a, yo p'ap kondannen. Men moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen. Paske yo pa mete konfyans yo nan sèl Pitit Bondye a.

19Men Jan 1.5,9-11; 12.48 ki bò kondannasyon an sòti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.

20Lè Ef 5.13 yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.

21Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.

Jezi ak Jan Batis

22Apre Jan 4.1,2 sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun.

23Jan Mat 4.12 Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l te batize yo.

24(Lè Mat 14.3 sa a, yo pat ankò mete Jan Batis nan prizon.)

25De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo.

26Y'ale Jan 1.26-34 bò kote Jan, yo di l konsa:

— Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize kounyeya. Tout moun al jwenn li.

27Jan Eb 5.4 reponn yo:

— Pèsonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.

28Nou Jan 1.20,23,27; Mak 1.2; Mat 11.10 menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m pran devan li.

29Nan Mat 9.15; 22.2 yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l, l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt kounyeya.

30Toutotan 2 Sam 3.1 enfliyans li ap moute, se pou enfliyans pa mwen ap desann.

Moun ki sòti nan syèl la

31— Moun Jan 8.23 ki soti anwo, li sou tèt tout moun, tout bagay. Men moun ki soti anba sou latè, se moun latè. L'ap pale sou sa li konnen sou latè. Men moun ki soti nan syèl la, li sou tèt tout moun nèt.

32L'ap Jan 3.11 di sa l wè, sa l tande. Men, pèsonn pa asepte mesay li.

33Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre.

34Moun Jan 1.33,34 Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.

35Papa a Jan 5.20; 17.2; Mat 11.27 renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.

36Moun Jan 3.18; Lik 3.7; 1 Jan 5.12 ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help