1(1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la,
travay moun k'ap bati yo pa vo anyen.
Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la,
travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
2Sa Jen 3.17 pa vo lapenn pou nou leve granmaten,
pou nou kouche ta,
pou nou travay di pou n ka manje,
paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
3Pitit Jen 33.5; Det 28.4 se kado Bondye bay,
se yon rekonpans pou manman ak papa.
4Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l,
se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn.
5Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa!
Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.