Jòb 37 - 1998 Haitian Creole

1Lè konsa, kè m ap bat.

M santi l'ap rache.

2Nou tout, koute vwa Bondye!

Koute jan l'ap gwonde!

3Zèklè a kouri nan tout syèl la.

Li klere dènye bout latè.

4Apre Jòb 40.9; Sòm 18.13; 29.3-9; 68.33 sa, yo tande vwa li ap gwonde.

Loray la gwonde ak fòs.

Lè konsa, zèklè fè mikalaw.

5Lè Jòb 5.9 Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay,

bagay nou pa ka konprann.

6Li Sòm 147.16,17 bay lanèj lòd kouvri latè.

Li bay gwo lapli lòd tonbe.

7Li Sòm 109.27 fè tout moun sispann travay.

Li fè yo wè sa se travay pa l.

8Tout Jòb 38.40; Sòm 104.22 bèt antre nan twou.

Y'al kache kò yo nan nich.

9Van Jòb 1.19; 9.9; Eza 21.1 tanpèt sòti nan sid.

Van frèt sòti nan nò.

10Souf Jòb 38.29,30; Sòm 147.17 Bondye fè dlo tounen glas.

Konsa, tout dlo tounen glas.

11Zèklè yo ap fè yan nan nyaj yo.

Nyaj yo klere byen lwen.

12Bondye Sòm 148.8; Pwo 8.31 fè yo vire nan syèl la jan li vle.

Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.

13Bondye Egz 9.18,23; 1 Sam 12.18,19; 1 Wa 18.45; Esd 10.9; Jòb 36.31; 38.23,26,27 voye lapli pou wouze latè.

Li voye l pou pini moun,

li voye l pou beni yo tou.

14Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m pral di la a.

Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.

15Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd,

ki jan li fè zèklè yo klere nan nyaj yo?

16Eske 1 Sam 2.3; Jòb 36.4 ou konnen ki jan nyaj yo fè flote nan syèl la?

Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l fòk ou gen anpil ladrès.

17Lè van cho ki sòti nan sid la ap kwit tè a,

ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.

18Eske Jen 1.6; Eza 42.5; 44.24 ou ka ede Bondye louvri nyaj yo nan syèl la,

pou fè yo di tankou bout fè?

19Fè m Ef 4.18 konnen sa pou nou di Bondye.

Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l.

20Mwen pa mande pou m pale ak Bondye.

Poukisa pou m ba li okazyon pou li touye m?

21Ou rete konsa ou pa wè solèy la.

Li kache anba nyaj yo.

Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.

22Yon Sòm 104.1 bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò.

Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.

23Nou Sòm 99.4; Lam 3.33; 1 Tim 6.16 pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a.

Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri.

Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.

24Se Sòm 130.4; Mat 10.28; 11.25; 1 Kor 1.26 poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li.

Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help