Ezayi 39 - 1998 Haitian Creole

Wa Babilòn voye wè Ezekyas(2 Wa 20.12-19; 2 Kwonik 32.12)

1Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn 2 Wa 20.12-19 lan, 2 Kwo 32.31 Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.

2Ezekyas 2 Wa 18.15,16 tte kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès lajan, lò, epis, boutèy losyon, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo li yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.

3Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l:

— Kote mesye sa yo sòti? Kisa yo di ou?

Ezekyas reponn:

— Yo sòti nan yon peyi byen lwen, yo sòti nan peyi Babilòn.

4Ezayi di l konsa:

— Kisa yo wè nan palè a?

Ezekyas reponn li:

— Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m yo.

5Ezayi di wa Ezekyas konsa:

— Koute mesay Senyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou:

6Yon 2 Wa 24.13; 2 Kwo 36.18 lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Senyè a menm ki di sa.

7Y'ap Da 1.3 pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.

8Ezekyas 1 Sam 3.18; 2 Kwo 32.26 reponn Ezayi, li di l konsa:

— Mesay Bondye ba ou pou di m lan gentan bon.

Men li t'ap di nan kè l: Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help