Chirasid 35 - 1998 Haitian Creole

1Lè ou fè sa lalwa mande ou fè, se tankou si ou te fè anpil ofrann.

Kenbe kòmandman Bondye yo, se tankou si ou te ofri bèt pou di Bondye mèsi.

2Gen moun rekonesans, se tankou si ou te ofri grenn ki sòti nan jaden bay Bondye.

Fè lacharite, se tankou si ou te fè ofrann pou peye sa yon moun fè ki mal.

3Refize fè sa ki mal, se sa k'ap fè Granmèt la plezi.

Refize fè lenjistis, se tankou si ou te fè ofrann bèt pou mande Bondye fè gras.

4Pa janm parèt devan Granmèt la ak de men ou yo vid.

Men, se pou ou fè tout ofrann ou yo, jan yo mande ou pou fè l la.

5Lè yon moun k'ap mache dwat ofri yon bèt pou touye, lè grès la koule sou lotèl la,

bon sant ofrann lan moute jouk bò Bondye ki anwo nan syèl la.

6Lè yon moun k'ap mache dwat ofri yon bèt pou touye pou Bondye, sa fè Bondye plezi.

Bondye p'ap janm bliye moun ki fè ofrann lan.

7Fè lwanj pou Granmèt la. Fè ofrann pou li san gad dèyè.

Pa fè kripya lè w'ap ofri premye donn ou yo bay Bondye.

8Lè w'ap fè yon ofrann se pou ou fè l ak kè kontan.

Mete ladim lan apa pou Bondye ak kè kontan.

9Bay Bondye ki anwo a dapre sa li ba ou.

Ba li san gad dèyè, dapre mwayen ou.

10Bondye ap toujou renmèt ou sa.

L'ap renmèt ou sèt fwa lavalè.

11Men, pa seye achte figi l ak kado w'ap fè l la. Li p'ap asepte yo.

Pa mete konfyans ou nan ofrann ou fè ak bèt ou genyen nan move kondisyon.

Jistis Bondye

12Granmèt la pa nan paspouki,

li pa gade sou figi moun.

13Li p'ap fè patipri pou l kondannen yon pòv.

L'ap koute lapriyè moun y'ap toupizi yo.

14L'ap pare zòrèy li pou l tande timoun san papa k'ap lapriyè nan pye l,

ansanm ak vèv k'ap plenn sò yo devan l.

15Dlo k'ap koule sòti nan je vèv yo desann sou figi yo, se tankou gwo rèl y'ap pouse,

se yon kondannasyon pou moun ki lakòz yo nan lapenn sa a.

16Moun ki sèvi Granmèt la ak tout kè yo, Granmèt la ap resevwa yo.

Lè yo rele Bondye yo, lapriyè yo ap rive jouk anwo nan syèl la.

17Lapriyè yon ti piti moute travèse nyaj yo.

Li moute, li moute jouk li rive jwenn Bondye.

18Li p'ap sispann lapriyè toutotan Bondye ki anwo nan syèl la pa voye je sou li,

toutotan Bondye pa mete jistis kote jistis la ye,

toutotan li pa pini koupab yo.

19Granmèt la p'ap mize fè sa li gen pou l fè a.

Li p'ap pral dousman ak mechan yo,

20toutotan li pa kraze ren lwijanboje yo,

toutotan li pa tire revanj li sou lòt nasyon yo,

21toutotan li pa fin detwi foul moun awogan yo,

toutotan li pa kraze baton kòmandman ki nan men mechan yo,

22toutotan li pa bay chak moun sa yo merite pou sa yo fè,

toutotan li pa jije tou sa moun fè dapre lide yo gen nan tèt yo,

23toutotan li pa rann pèp li a jistis,

toutotan, nan bon kè li, li pa ba yo kè kontan nèt ale.

24Lè ou anba tray, sa bon pou ou santi jan Bondye gen bon kè.

Se tankou lapli nan tan chechrès.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help