1(2) Moun 2 Kwo 19.3; Sòm 102.19 fou di nan kè yo:
— Pa gen Bondye!
Yo tout fin pouri.
Y'ap fè yon bann mechanste.
Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
2(3) Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba,
pou l wè si gen ladan yo ki gen konprann,
si gen ladan yo k'ap chache l.
3(4) Men, Sòm 79.6; Eza 1.3; Jer 4.22; 10.25; Oze 7.7; Mi 3.3 yo tout vire do bay Bondye.
Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal.
Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen,
non, pa menm gen yon sèl ladan yo.
4(5) Bondye Lev 26.36; Sòm 141.7; Pwo 28.1 di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste,
se konnen yo pa konnen?
Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv.
Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.
5(6) Men Sòm 85.1; Eze 39.25; Oze 6.11; Jowèl 3.1 tou, yo pral sezi, yo pral tranble,
san pa gen rezon pou yo tranble.
Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo,
w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.
6(7) Oo! Kilè Bondye va sòti sou mòn Siyon an
pou l delivre pèp Izrayèl li a?
Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò,
pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt.
Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.