Miche 6 - 1998 Haitian Creole

Pwosè Senyè a kont Izrayèl

1Koute sa Senyè a ap di:

— Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a!

2Nou

10Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè.

11Ki Oze 12.7 jan ou vle pou m padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit?

12Moun Jer 9.8; Am 3.10 rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!

13Se poutèt sa m'ap manyen ak nou. Akòz peche nou yo, m'ap fini ak nou nèt.

14N'ap Oze 4.10 manje, men vant nou p'ap janm plen, n'ap grangou toujou. Lè nou konprann se sere n'ap sere pou pita, sa p'ap sèvi nou anyen. Avèk lagè m'ap voye sou nou an, n'ap pèdi tou sa nou te sere a.

15N'a Det 28.38-40; Sof 1.13 plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gentan sèvi avè l. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gentan goute ladan l.

16Nou 1 Wa 16.25-33; 2 Kwo 29.8 pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help