1Moun ki gen bon kè prete frè parèy li.
Lè li ede yo konsa, li fè sa lalwa Bondye a mande li fè.
2Lè yon frè parèy ou nan nesesite, prete l.
Ou menm tou, renmèt sa yo prete ou lè lè a rive.
3Kenbe pawòl ou, pa woule moun.
Konsa, w'a toujou jwenn sa wa bezwen.
4Anpil moun pran lajan prete tankou yon bon zafè yo jwenn.
Se konsa yo mete moun ki prete yo a nan pwoblèm.
5Anvan yo resevwa lajan an, y'ap bo frè yo sou do men,
y'ap pale byen sou richès li genyen yo.
Men, lè lè a rive pou yo renmèt, y'ap ranvwaye pou denmen,
y'ap di jan yo regrèt sa, yo pa kapab, sa pa bon kounyeya menm.
6Si moun ki prete a kenbe yo kout, li ka rive resevwa mwatye nan lajan an.
Lè sa a, li ka di li gen anpil chans.
Si yo pa ba li anyen, li mèt konnen se lajan pèdi.
Lèfini, san li pa merite sa, li fè yon lènmi an plis
k'ap madichonnen l, k'ap pito joure l pase pou l renmèt li lajan li,
k'ap pito derespekte l pase pou l gen konsiderasyon pou li.
7Anpil moun derefize prete. Se pa paske yo chich.
Se paske yo pa vle pou moun vòlò lajan yo fasil konsa.
Lacharite8Tansèlman, al dousman ak pòv malere yo.
Pa fè yo tann twòp anvan pou ou ba yo sa w'ap ba yo a.
9Bondye mande ou pou ou bay pòv yo lasistans. Fè sa.
Si yo nan nesesite, pa voye yo ale san anyen nan men yo.
10Pito ou pèdi lajan ou lè se bay ou bay yon frè osinon yon zanmi ou li
pase pou ou kite l wouye anba yon wòch.
11Sèvi ak byen ou jan Bondye anwo nan syèl la mande ou fè l la.
Sa ap pi itil ou pase lò ou sere pou tèt pa ou.
12Sere lajan pou fè lacharite nan galata ou.
Li p'ap kite okenn malè rive ou.
13L'ap goumen pou ou ak lènmi ou.
L'ap pi bon pase yon plak pwotèj an fè, pi bon pase yon frenn byen solid.
14Moun debyen ap bay tèt li pou garanti pou frè parèy li.
Fòk yon moun ta sanwont nèt pou li ta lage l.
15Si yon moun bay tèt li pou garanti pou ou, pa janm bliye gwo sèvis sa a li rann ou la a.
Se lavi l li bay pou ou.
16Pou moun k'ap fè sa ki mal, ki mele l ak bon kè moun ki bay garanti pou li a!
Engra a! L'ap bliye moun ki te sove l lavi a.
17Anpil moun ki t'ap viv alèz pèdi tout byen yo nan bay garanti pou moun.
Sa boulvèse yo tankou lanm lanmè.
18Afè bay garanti sa a fè anpil grannèg kite peyi yo.
Y'ap mache pwonmennen nan mitan tout lòt peyi etranje.
19Malveyan k'ap kouri bay garanti pou moun paske yo dèyè yon pwofi,
se pwosè yo lage nan dèyè yo.
20Ede frè parèy ou mezi ou kapab.
Men, veye pou ou pa pran nan pèlen.
Resevwa moun lakay ou21Premye sa moun bezwen pou yo viv se dlo, se pen, se rad,
se yon kay kote moun pa ka voye je gade sa y'ap fè.
22Pito ou viv pòv nan ti kay planch ou
pase pou w'ap mache banboche lakay lòt moun.
23Kit ou gen anpil, kit ou gen ti kras, fè kè ou kontan ak sa ou genyen an,
pou moun pa fè ou repwòch dèske w'ap viv sou kont lòt moun.
24Mache kay an kay se pa lavi sa. Se yon mizè.
Kote ou rive ou pa ka louvri bouch ou pale. Se etranje ou ye.
25Se ou ki pou al resevwa lòt moun.
Se ou ki pou vide bweson ba yo bwè.
Pa gen yon moun pou di ou mèsi.
Lèfini, se pou ou rete tande y'ap pale rèd avè ou:
26— Ey! Etranje, vin isit! Ranje tab la!
Ban m sa ou genyen pou m manje!
27Ale ou vouzan, etranje! Bay yon moun ki pi enpòtan pase ou plas ou!
Frè mwen an vin wè m, mwen bezwen kay la.
28Sa rèd nèt pou yon moun ki gen bonprann
pou l tande y'ap fè l repwòch pou ladesant yo ba li a,
pou l wè y'ap aji avè l tankou si l te dwe yo lajan!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.