Jenèz 37 - 1998 Haitian Creole

1Men Jakòb rete rete l nan peyi Kanaran kote papa l te pase tout lavi l.

2Men istwa fanmi Jakòb la.

Istwa Jozèf ak frè l yo

Jozèf te yon jenn gason disetan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l yo. Li te konn rapòte bay papa l tout vye bagay yo t'ap fè.

3Izrayèl 2 Sam 13.18 menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè li fè Jozèf. Li fè yon bèl varèz manch long ak bon twal siperyè pou li.

4Lè frè l yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l. Yo pat louvri bouch avè l san yo pa joure l.

5Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l pi plis toujou.

6Li di yo:

— Mesye, tande yon rèv mwen fè.

7Mwen Jen 42.6; 43.26; 44.14 wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tou dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m lan tankou moun y'ap salwe.

8Frè l yo di l:

— Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou!

Yo te vin rayi l pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a.

9Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l bay frè li yo. Li di yo:

— Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalin lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen.

10Li Jen 35.18 rakonte rèv la bay papa l ansanm ak frè l yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l:

— Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Kounyeya, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?

11Frè Lik 2.19,51; Tra 7.9 Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li.

Frè Jozèf yo vann li

12Frè Jozèf yo leve, y'ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje.

13Izrayèl rele Jozèf, li di l konsa:

— Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen.

Jozèf reponn:

— Men mwen wi, papa.

14Izrayèl Jen 35.27 di l konsa:

— Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen.

Konsa, se papa l menm ki te fè l pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm,

15li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l:

— Kisa w'ap chache konsa?

16Jozèf reponn li:

— M'ap chache frè m yo. Tanpri, di m ki kote yo mennen bèt yo al manje.

17Nonm lan di l:

— Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan.

Jozèf pati dèyè frè l yo, li jwenn yo Dotan.

18Men, Sòm 31.13; 37.12 anvan Jozèf te rive, yo te gentan wè l byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l.

19Yonn di lòt:

— Hey mesye! Men nonm rèv la ap vini!

20Annou wè. N'ap touye l, n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l. Konsa n'a wè si sa l te wè nan rèv li yo va rive vre.

21Riben Jen 42.22 tap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo:

— Piga nou touye l.

22Pa fè san koule. Annou lage li nan pi sa a nan dezè a. Men piga nou touye li.

Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove li anba men yo pou voye li tounen kay papa li.

23Lè Jozèf rive bò kote frè l yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a.

24Yo pran l, yo jete l nan pi a. Pi a te vid, li pat gen dlo.

25Apre Jen 37.28,36; 39.1; Eza 21.13 sa, yo chita pou manje. Pandan yo leve je gade, yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap pase. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap ale vann nan peyi Lejip.

26Jida di frè l yo konsa:

— Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa?

27Annou Jen 29.14; 1 Sam 18.17 vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen pran lavi li tou kri konsa. Malgre tou se frè nou li ye, li se san nou.

Frè l yo tonbe dakò.

28Lè Jen 37.36; 45.4,5; Sòm 105.17; Tra 7.9 machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou ven pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l nan peyi Lejip.

29Lè Jen 44.13; Nonb 14.6; 2 Sam 1.11; Jòb 1.20 Riben tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf. Sa te fè li lapenn anpil anpil. Li chire rad sou li sitèlman li te boulvèse.

30Li Jen 42.13,36; Jer 31.15 tounen al jwenn frè li yo, li di yo:

— Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m pral fè kounyeya?

31Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l nan san an.

32Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a:

— Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan.

33Jakòb Jen 44.28 rekonèt rad la, li di:

— Men wi, se varèz pitit gason m lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l. Bèt la dechèpiye l nèt.

34Sa Jen 37.29 ou tande a, yon sèl lapenn trape Jakòb! Li dechire tout rad sou li tank kè li t'ap fann. Li pran sak, li mare ren li epi li pran dèy pou pitit la.

35Tout 2 Sam 12.17 lòt gason l yo ansanm ak pitit fi l yo te vin ba l kouray, men li te refize tande sa yo t'ap di l. Li t'ap plede repete:

— M'ap kriye pou pitit gason m lan jouk mal jwenn li lè m'a mouri.

Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l lan.

36Pandan Jen 37.28; 39.1 tout tan sa a, moun Madyan yo te gentan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help