1 Wa 6 - 1998 Haitian Creole

Salomon bati Tanp lan(2 Kwonik 3.1-14)

1Lè sa a te gen katsankatreven (480) lanne depi te gen swasant pye longè.

18Sou anndan, tout miray Tanp lan te kouvri ak planch sèd, ou pat ka wè yon wòch. Planch sèd yo te travay ak desen flè ak ti kalbas sou tout kò yo.

19Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Senyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Senyè a.

20Pyès la te gen trant pye longè, trant pye lajè ak trant pye wotè. Li te kouvri nèt ak lò. Sou devan pyès la yo bati yon lotèl ak bwa sèd, lèfini yo te kouvri li nèt ak lò.

21Tout miray anndan Tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Senyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Senyè a.

22Konsa, Egz 30.1,3,6; Eze 41.22 tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Senyè a te kouvri nèt ak lò.

23Apre Egz 37.7-9; 2 Kwo 3.10-13 sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo ak bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Senyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.

24Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye.

25Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè.

26Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè.

27Salomon Egz 25.20; 1 Wa 8.7 fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Senyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl dèyò yo touche ak de miray sou kote yo.

28De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò.

29Sou tout miray anndan Tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a.

30Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò.

31Salomon Eze 41.23-24 fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Senyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la.

32Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.

33Pòt pyès mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fèt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvèti pòt la.

34Pòt la menm te fèt ak pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bò ki ka fèmen yonn sou lòt.

35Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.

36Li 1 Wa 7.12 fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt.

37Se 1 Wa 6.1 nan katriyèm lanne reny Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Senyè a.

38Tanp lan te fin bati ak tout ti detay li yo, jan yo te fè plan an, nan onzyèm lanne reny Salomon nan uityèm mwa kalandriye jwif yo, ki rele Boul. Salomon te pran setan pou l bati Tanp lan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help