Matye 19 - 1998 Haitian Creole

Jezi pale sou divòs(Mak 10.1-12; Lik 16.18)

1Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Mak 10.1-12 Galile a, l'ale Mat 7.28; 11.1; 13.53; 26.1 nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an.

2Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l rive, li geri malad yo.

3Kèk Mat 5.31,32 farizyen pwoche bò kote Jezi pou yo wè si yo te ka pran l nan pèlen. Yo mande li:

— Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?

4Jezi Jen 1.27 reponn yo:

— Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.

5Apre Jen 2.24; Ef 5.31 sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.

6Konsa, 1 Kor 7.10,11 yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.

7Farizyen Det 24.1 yo di li:

— Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l kite avè li?

8Jezi reponn yo:

— Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pat konsa.

9Mwen Lik 16.18 menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esèpte si se pou lenkondit li ta kite ak madanm lan.

10Disip li yo di li:

— Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.

11Jezi 1 Kor 7.7,17 reponn yo:

— Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa.

12Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l asepte li.

Jezi beni timoun piti yo(Mak 10.13-16; Lik 18.15-17)

13Lè Mak 10.13-16; Lik 18.15-17 sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l te mete men l sou tèt yo, pou l te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.

14Jezi Mat 18.2,3 di yo:

— Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

15Li mete men l sou tèt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l te ye a.

Jezi ak jennonm rich la(Mak 10.17-31; Lik 18.18-30)

16Yon Mak 10.17-31; Lik 18.18-30 nonm pwoche bò kote Jezi, li di l konsa:

— Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?

17Jezi Lik 10.26-28 reponn li:

— Poukisa w'ap poze m kèsyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande.

18Nonm Egz 20.12-16; Det 5.17-20 lan mande li:

— Kilès kòmandman sa yo?

Jezi reponn li:

— Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti.

19Respekte Egz 20.12; Lev 19.18; Det 5.16 papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.

20Jennonm lan di li:

— Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m fè ankò?

21Jezi Mat 6.20; Lik 12.33 di li:

— Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, w'a gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.

22Lè Sòm 62.10 jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l, l'ale paske li te gen anpil byen.

23Lè sa a, Jezi di disip li yo:

— Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.

24M'ap di nou sa ankò: l'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.

25Lè disip yo tande sa, yo pat manke sezi, yo di:

— Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?

26Jezi Jen 18.14; Jòb 42.2; Zak 8.6 gade yo, li di:

— Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.

27Lè sa a, Pyè di li:

— Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisa k pral rive nou?

28Jezi Lik 22.30; Da 7.9,10 reponn yo:

— Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.

29Nenpòt Eb 10.34 moun ki va kite kay li, osinon frè l, osinon sè l, osinon papa l, osinon manman l, osinon pitit li, osinon jaden l, poutèt mwen, moun sa a gen pou l resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.

30Anpil Mat 20.16; Lik 13.30 nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help