1Jòjyas pran senkmil (5.000) sòlda apye ak mil (1.000) nan pi bon kavalye l yo, li leve lannuit, li pati ansanm ak yo
2pou l'al fè yon va nan kan moun pèp Izrayèl yo, pou l atake yo lè yo p'ap atann. Li te gen kèk moun ki sòti nan sitadèl la pou sèvi l gid.
3Men, lè Jida vin konnen plan Jòjyas t'ap fè a, li leve ansanm ak vanyan sòlda li yo, l'al atake lame wa a ki te lavil Emayis la,
4pandan Jòjyas menm ak pòsyon lame pa l la te byen lwen kan an.
5Jòjyas bò pa li rive lannuit nan kan Jida a, li pa jwenn pèsonn. Lè sa a, li pati chache jwif yo nan tout mòn lan, li t'ap di nan kè li:
— Se kouri y'ap kouri pou nou!
6Lè bajou kase, Jida parèt nan plenn lan ak twamil (3.000) moun. Men, pifò ladan yo pa te gen plak pwotèj ak nepe yo ta renmen genyen.
7Yo wè jan kan moun lòt nasyon yo te plen ak anpil zam, ak yon gwoup kavalye sou tout arebò kan an. Ki vle di se te moun ki te konn sa ki rele fè lagè.
8Jida di moun li yo konsa:
— Nou pa bezwen pè tout kantite moun sa yo, ni pa kouri pou yo lè y'a atake nou.
9Chonje jan zansèt nou yo te jwenn delivrans nan lanmè Wouj la, lè Farawon an ak lame li a t'ap kouri dèyè yo.
10Kounyeya, ann lapriyè Bondye nan syèl la byen fò, pou l ka kraze lame sa a ki kanpe jòdi a devan nou.
11Lè sa a, tout lòt nasyon yo va konnen gen yon moun k'ap sove, gen yon moun k'ap delivre pèp Izrayèl la.
12Lè moun lòt nasyon yo leve je yo gade, yo wè jwif yo k'ap mache vin sou yo,
13yo leve sòti nan kan an pou y'al goumen. Lè sa a, sòlda Jida yo kònen twonpèt,
14epi yo atake. Moun lòt nasyon yo gaye, yo pran kouri nan plenn lan.
15Tout sòlda ki te dèyè nan lame a tonbe anba kout nepe. Jwif yo kouri dèyè rès lame a jouk lavil Gezè, ak nan plenn peyi Idime, peyi Azòtòs ak peyi Jamnya. Yo touye twamil (3.000) moun konsa.
16Lè Jida tounen ak lame li a apre li te fin kouri dèyè lènmi l yo,
17li di pèp la konsa:
— Pa fè akrèk pou sa moun yo kite dèyè yo, paske gen yon lòt gwo batay k'ap tann nou pi devan.
18Jòjyas ak pòsyon lame li a nan mòn yo toupre nou. Kounyeya, annou kanpe fèm devan lènmi nou yo, annou goumen ak yo. Apre sa, n'a lib pou nou ranmase tou sa y'a kite dèyè san danje.
19Jida pa t'ankò fèmen bouch li, lè yon eskwad Jòjyas te voye al wè sa k'ap pase parèt anwo tèt mòn lan.
20Yo wè tout lame Liziyas la te kouri met deyò epi jwif yo te met dife boule tout kan an. Lafimen ki t'ap moute nan kan an te fè yo wè aklè sa ki te pase.
21Lè yo wè sa, yon sèl lapèrèz pran yo. Men, lè yo gade byen, yo wè lame Jida a nan plenn lan tou pare pou goumen,
22yo pran kouri ale nan peyi Filisti a.
23Lè sa a atò, Jida tounen al piye kan lènmi an. Yo ranmase anpil lò ak pyès lajan, anpil twal fen koulè vyolèt ak koulè ble marin ansanm ak anpil lòt bèl bagay koute chè.
24Lè jwif yo t'ap tounen nan kan pa yo a, yo t'ap chante fè lwanj Bondye nan syèl la, yo t'ap di l mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
25Jou sa a se te yon gwo delivrans li te fè pou pèp Izrayèl la.
26Moun lòt nasyon ki te chape sove lavi yo al rakonte Liziyas tou sa ki te pase.
27Nouvèl sa a te boulvèse Liziyas anpil, li te dekouraje paske zafè l ak pèp Izrayèl la pa te pase jan l te kwè l la, li pa te rive kraze pèp la jan wa a te ba li lòd la.
Liziyas pèdi yon premye batay(2 Makabe 11.1-12)28Lanne apre sa, Liziyas kanpe yon lame avèk swasantmil (60.000) bon sòlda ki te fò nan fè lagè ak senkmil (5.000) kavalye avèk lide pou l te jwenn bout jwif yo.
29Yo desann nan peyi Idime, yo moute kan yo lavil Bèt-Sou. Jida menm mache al kontre yo ak dimil (l0.000) moun.
30Lè Jida wè gwo lame Liziyas la, li lapriyè Bondye konsa:
— Lwanj pou ou, Bondye ki delivrans pèp Izrayèl la, ou menm ki te sèvi ak David, sèvitè ou la, pou kraze atak gwo sòlda bèl wòtè a, ou menm ki te lage kan moun Filisti yo nan men Jonatan, pitit gason Sayil la, ak nan men jenngason ki t'ap pote zam li yo.
31Menm jan an tou, lage lame sa a nan men moun pèp Izrayèl ou a, pou yo ka sòti wont atout yo gen tout zam sa yo ak tout kalite kavalye sa yo.
32Lage lapèrèz nan mitan yo, fè yo pèdi konfyans yo genyen nan fòs kouray yo. Se pou yo pèdi batay la jouk yo p'ap ka leve kanpe ankò.
33Se pou yo mouri anba nepe moun ki renmen ou yo, konsa tout moun ki konnen ou yo va chante pou fè lwanj ou.
34Batay la marye. Sòlda yo makònen batay yonn ak lòt. Lè sa a, mil (1.000) moun nan lame Liziyas la pèdi lavi yo.
35Lè Liziyas wè jan lame li a te pèdi batay la ak jan sòlda Jida yo pa te pè anyen kifè yo te sòti pou yo te viv osinon pou yo te mouri an vanyan gason, li tounen tounen l lavil Antyòch pou l achte yon pi gwo kantite sòlda etranje mete nan lame li a pou l ka tounen anfòm nan peyi Jide.
Yo mete tanp lan nan kondisyon pou li ka fè sèvis Bondye ankò(2 Makabe 10.1-8)36Lè sa a, Jida ak frè l yo, yonn di lòt konsa:
— Atòkile nou fin bat lènmi nou yo, ann al mete kote ki te apa pou Bondye a nan kondisyon pou li ka fè sèvis Bondye ankò. Annou mete l apa pou li ankò.
37Se konsa, tout lame a sanble epi yo moute mòn Siyon.
38Lè yo rive, yo wè tanp lan te fin kraze. Moun te derespekte lotèl la, pòtay yo te boule. Raje t'ap pouse nan tout lakou yo tankou nan rakbwa osinon sou mòn. Pyès kay yo te kraze nèt ratè.
39Lè sa a, yo vin gen yon sèl lapenn, yo chire rad sou yo, yo mete sann dife anwo tèt yo.
40Apre sa, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè. Lè twonpèt yo kònen bay siyal la, yo tout pran rele byen fò nan pye Bondye nan syèl la.
41Lè yo fini, Jida bay sòlda li yo lòd pou yo atake sitadèl la, antan li menm l'ap mete tanp lan nan kondisyon pou yo ka fè sèvis Bondye ladan l ankò.
42Li chwazi prèt ki te san repwòch epi ki t'ap viv jan Lalwa a mande l la,
43pou mete tanp lan nan kondisyon pou li ka fè sèvis Bondye ankò, epi yo pran tout wòch ki pa te ka sèvi pou Bondye yo, yo mete yo yon kote ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
44Apre sa, yo diskite sou sa pou yo fè ak lotèl kote yo te konn boule ofrann bèt pou Bondye a, paske moun lòt nasyon yo te derespekte l.
45Yo fè lide demoli li pou li pa rete kanpe tankou yon wont la nan mitan yo, paske moun lòt nasyon yo te fè bagay sal sou li. Se konsa yo demoli lotèl la,
46epi yo pran wòch yo, y'al mete yo yon kote tout esprè pou sa sou mòn tanp lan, pou yo rete la jouk jou yon pwofèt va vini, la di sa pou yo fè ak yo.
47Apre sa, yo pran wòch ki pa travay ak zouti, jan Lalwa Moyiz mande l la, yo bati yon lòt lotèl sou modèl ansyen an.
48Yo rebati tanp lan, yo fè reparasyon nan tout anndan an nèt, lèfini yo mete lakou yo apa pou sèvis Bondye ankò.
49Yo fè lòt veso nèf pou sèvi nan tanp lan, yo mete gwo lanp sèt branch lan, lotèl lansan an ak tab pou pen yo ofri bay Bondye a anndan Tanp lan.
50Yo boule lansan sou lotèl la, yo limen sèt ti lanp gwo lanp sèt branch yo ki klere tout andedan tanp lan.
51Yo mete pen yo ofri yo sou tab la, yo pandye rido yo, lèfini yo fè tou sa yo te ba yo fè.
52Jou ki te make vennsenk nan nevyèm mwa a, ki vle di mwa Kislèv la, nan lanne sankaranntwit (148), yo leve granmaten,
53yo ofri bèt pou yo touye dapre Lalwa, epi yo boule yo sou lotèl nèf yo te bati pou sa a.
54Se konsa, yo mete lotèl nèf la apa pou sèvis Bondye, antan yo t'ap chante chante, yo t'ap jwe bandjo, gita ak senbal, menm dat jou pou jou moun lòt nasyon yo te derespekte ansyen lotèl la.
55Tout pèp la mete ajenou ak tèt yo bese jouk atè, yo t'ap adore Bondye. Apre sa, yo pran fè lwanj Bondye nan syèl la ki te fè yo genyen batay la.
56Pandan wit jou yo fè fèt pou lotèl yo te mete apa pou sèvis Bondye a ankò. Avèk kè kontan, yo ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye, ak bèt pou yo touye mande Bondye padon ak pou di l mèsi.
57Yo dekore tout fasad tanp lan ak kouwòn lò ak plak pwotèj. Yo repare pòtay yo ak pyès kay kote pou prèt yo rete a, yo moute batan pòt yo.
58Jwif yo te kontan anpil paske yo te wete lawont moun lòt nasyon yo te fè yo a. Yo t'ap fè fèt.
59Lè sa a, Jida ak frè l yo ansanm ak tout pèp Izrayèl la pran desizyon pou chak lanne nan menm dat la pandan wit jou pou yo fè gwo fèt ak kè kontan pou lotèl la yo te mete apa pou sèvis Bondye a ankò. Fèt la va konmanse jou ki make vennsenk nan mwa Kislèv la.
60Se lè sa a yo bati gwo miray byen wo ak gwo fò won fè wonn mòn Siyon an pou moun lòt nasyon yo pa ka vin mache sou li ankò jan yo te fè l anvan an.
61Jida mete yon ganizon sòlda pou veye mòn Siyon an. Li ranfòse miray ranpa lavil Bèt-Sou a pou pèp Izrayèl la ka gen yon gwo fò anfas peyi Idime.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.