Ezekyèl 31 - 1998 Haitian Creole

Wa Lejip la tankou yon pye sèd

1Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm yon pye sèd nan peyi Liban

avèk gwo bèl branch li yo plen fèy

ki bay gwo lonbray,

yon pyebwa byen wo

ak tèt li pèdi nan nyaj yo.

4Lapli Eze 17.7 tonbe fè l pouse

Rivyè anba tè fè l grandi.

Gwo dlo pete nan tout rasin li yo.

Yo fè kannal wouze tout pyebwa

nan zòn lan.

5Paske Eze 17.5; Da 4.11 li te jwenn anpil dlo,

li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo.

Branch li pran fòs, yo vin byen long.

6Tout Eze 17.23; Da 4.12 kalite zwazo te vin fè nich nan branch li yo.

Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba.

Se nan lonbray li anpil nasyon vin chita.

7Se te yon bèl pyebwa byen wo,

ak branch li yo byen long.

Rasin li yo te desann byen fon

nan dlo anba tè a.

8Nan Eze 28.13 jaden Bondye a, pat gen pye sèd tankou l.

Okenn pye pichpen pat gen branch tankou pa l yo.

Okenn pye sikren pat gen ti branch konsa.

Nan jaden Bondye a, pat gen bèl pyebwa tankou l.

9Mwen te fè l byen bèl ak anpil branch.

Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l.

10Kounyeya, men Da 5.20 sa Senyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nyaj yo, li kite lògèy vire tèt li.

11Se poutèt sa, mwen voye l jete, mwen lage l nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l peye tout mechanste l yo.

12Yon Eze 28.7; 32.5; Da 4.14 bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbray li yo, tout met deyò, yo kite l pou kont li.

13Zwazo Eza 18.6; Eze 32.4 vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo.

14Konsa, Eze 26.20 depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nyaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo.

15Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò:

— Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M p'ap kite okenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li.

16Lè Eza 14.8,15; Eze 26.15; 32.31 mwen voye l jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a.

17Y'ap Lam 4.20; Eze 31.6; 32.20 desann ansanm avè l nan peyi kote mò yo ye a pou y'al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbray li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo.

18Nan Eze 31.2; 32.19,20; Mat 11.23 tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men kounyeya, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki pale.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help