Oze 3 - 1998 Haitian Creole

Oze ak fanm ki tonbe nan dezòd la

1Senyè a pale ak mwen ankò, li di m Kan 2.5 konsa:

— Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l menm jan mwen menm, Senyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.

2Se Lev 27.16 konsa, m'al peye pou retounen ak madanm mwen k'ap twonpe m'. Mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik diri pou li.

3Mwen Det 21.13 di l.

— Ou pral rete avè m atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak okenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou.

4Konsa Jij 17.5; Oze 10.1 tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.

5Apre Eza 2.2; Jer 23.5; 50.4; Eze 34.24; Oze 1.11 sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Senyè a, Bondyè yo a, va fè yo chache l, y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Senyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help