Travay 24 - 1998 Haitian Creole

Jwif yo akize Pòl devan Feliks

1Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a. Yo te vin pote plent pou Pòl.

2Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tètilis konmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa:

— Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann.

3Pou Tra 23.26; 26.25 tou sa w'ap fè depi lontan toupatou, n'ap di ou mèsi anpil ak tout kè nou.

4Mwen pa vle pran twòp tan ou. Men tanpri souple, pran pasyans, koute sa nou gen pou n di ou la a. Nou p'ap pale anpil.

5Nou Tra 17.6 fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye.

6Li Tra 21.28 menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l. Si ou poze nonm sa a kèsyon, w'a wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè.

9Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.

Pòl defann tèt li devan Feliks

10Gouvènè a fè Pòl siy pou l pale. Pòl di:

— Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou.

11Ou Tra 21.17 mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou mal fè sèvis pou Bondye.

12Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pèsonn nan tanp lan, yo pa bare m ap moute tèt pèsonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la.

13Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a.

14Men, Tra 24.5 m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.

15Mwen Da 12.2; Jan 5.28,29 gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l tou. Yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve sòti vivan nan lanmò.

16Se Tra 23.1 konsa m'ap fè posib mwen pou m toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.

17Apre Wòm 15.25,26; Gal 2.10 mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye.

18Men Tra 21.27 sa m t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m, pa te gen kras dezòd.

19Men, te gen kèk jwif ki te sòti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m, si yo te gen kichòy kont mwen.

20Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m te kanpe devan Gran Konsèy la.

21Men Tra 23.6 sèl pawòl mwen te di byen fò lè m te kanpe devan yo tout la: Se paske mwen kwè mò yo gen pou leve vivan ankò kifè yo rele m an jijman devan nou jòdi a.

22Feliks Tra 23.26 ki te okouran tout bagay sou relijyon kretyen yo, li ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo:

— Lè kòmandan Lizyas vini, m'a fin tande afè a.

23Li Tra 27.3 bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l pa lage l, men pou l ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l yo rann li ti sèvis.

Pòl devan Feliks ak Drisil

24Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l di sou konfyans nan Jezikri a.

25Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks sòti pè, li di:

— Bon, kounyeya ou mèt ale. Lè m'a gentan m'a rele ou ankò.

26Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l vin koze avèk li.

27Dezan Tra 25.9 pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help