1Pandan twazan, pat gen lagè ant Jozafa 1 Wa 15.14; 2 Kwo 17.3 li menm te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa l te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pat sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.
44Jozafa 2 Kwo 18.1; 20.35,36 te siyen lapè ak wa peyi Izrayèl la.
45N'a 2 Kwo 20.34 jwenn rès istwa Jozafa a nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Se la yo rakonte jan li te yon vanyan sòlda, ak tout lagè li te fè yo,
46jan 1 Wa 15.12 li disparèt rès gason ak fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo toujou depi sou reny Asa, papa l.
47(Lè 2 Sam 8.14; 2 Wa 3.9; 8.20 sa a, pat gen wa nan peyi Edon. Se yon gouvènè wa Jida a te mete pou gouvènen yo.)
48Jozafa 1 Wa 9.26,28; 10.22; Sòm 48.7 te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè.
49Lè sa a, Okozyas, pitit Akab la, ofri pou maren peyi Izrayèl yo ale ansanm ak maren peyi Jida yo sou batiman pa yo. Men, Jozafa derefize.
50Lè 2 Kwo 21.1 Jozafa mouri, yo antere l nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fòtèy la nan plas li.
Okozyas, wa peyi Izrayèl51Jozafa 1 Wa 22.40 t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a lè Okozya, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari.
52Li 1 Wa 15.26 fè sa ki mal nan je Senyè a. Li swiv egzanp papa l ak manman l. Li fè tankou Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo fè sa ki mal.
53Li 1 Wa 16.30-32 sèvi Baal, li adore l tankou papa l te fè a. Se konsa li te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.