Chirasid 15 - 1998 Haitian Creole

1Se sa moun ki gen krentif pou Bondye yo fè.

Moun ki fò nan lalwa Bondye a ap rive jwenn Bon Konprann.

2Bon konprann ap mache vin jwenn yo tankou yon manman.

Tankou yon jenn marye ki tifi toujou, l'ap louvri de bra l pou li resevwa yo.

3L'ap ba yo lespri tankou manje pou yo manje.

L'ap ba yo bon konprann tankou dlo pou yo bwè.

4Moun sa yo va apiye sou li, yo p'ap janm tonbe.

Y'ap kenbe l fèm, yo p'ap janm wont.

5Bon konprann va mete yo kanpe pi wo pase moun ki bò kote yo.

L'ap mete pawòl nan bouch yo lè y'a nan mitan asanble a.

6Moun sa yo va jwenn bon jan lavi a ak bon jan kè kontan.

Moun p'ap janm sispann nonmen non yo.

7Men, moun sòt p'ap janm jwenn bon konprann.

Moun k'ap fè sa ki mal yo p'ap janm rive wè l.

8Bon Konprann p'ap pwoche bò kote moun ki gen lògèy.

Moun k'ap bay manti yo p'ap janm dòmi reve l.

9Yon moun k'ap fè sa ki mal pa fèt pou louvri bouch li pou li fè lwanj pou Bondye,

paske Granmèt la pa ba li bon konprann.

10Paske, se bon konprann ki moutre moun jan pou yo fè lwanj pou Bondye.

Se Granmèt la ki pou mete nan tèt li lide fè sa.

Libète ak reskonsabilite moun genyen

11Pa plede di se Granmèt la ki fè ou fè peche,

paske Granmèt la pa ka fè sa li pa vle wè moun fè.

12Pa plede di se Granmèt la ki fè ou pèdi tèt ou,

paske li pa bezwen moun k'ap fè sa ki mal.

13Granmèt la pa vle wè okenn bagay ki pou pa fè l plezi.

Moun ki gen krentif pou Granmèt la pa ka renmen bagay ki pa fè Granmèt la plezi.

14Se Bondye ki te kreye moun nan konmansman.

Li kite yo lib pou yo fè sa yo vle.

15Si ou vle, w'a fè sa li mande ou fè a.

Se ou ki konnen si w'ap kenbe pawòl ou avè li.

16Li mete dife ak dlo devan ou.

Lonje men ou pran sa ou vle nan de yo.

17Li mete lanmò ak lavi devan tout moun.

L'a ba yo sa y'a chwazi nan de sa yo.

18Paske, Granmèt la gen anpil anpil bon konprann.

Li gen fòs kouray, li gen tout pouvwa, li wè tout bagay.

19Li konnen tou sa moun ap fè.

Men, l'ap veye sou moun ki gen krentif pou li yo.

20Li pa mande pèsonn pou yo pa sèvi Bondye.

Li pa bay pèsonn dwa pou yo fè sa ki mal.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help